
Msye Premye minis, Msye Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Mesye reprezantan pouvwa lejislatif la, Madanm Sekretè Jeneral Primati a, Chè kòlèg Direktè jeneral...
Msye Premye minis, Msye Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Mesye reprezantan pouvwa lejislatif la, Madanm Sekretè Jeneral Primati a, Chè kòlèg Direktè jeneral, Mesye dam gwo kad Leta yo ak manm Kabinè yo, Distenge kolaboratè, Chè fanmi ak zanmi, Mesye dam, Chè zanmi Laprès
Pèmèt mwen anvan tout bagay eksprime gwo rekonesans mwen anvè Bondye pou mizèrikòd li ak bonte l pou mwen ak fanmi m. Men jodi a mwen jwenn privilèj pou m kontinye sèvi peyi m nan tèt enstitisyon prestijye sa a ki se Conatel. Mwen remèsye Prezidan Repiblik la, Ekselans li Msye Jocelerme Privert, ak Premye minis la, Ekselans li Msye Enex Jean-Charles, pou konfyans yo mete nan mwen pou m dirije Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an, nan yon kontèks kote telekominikasyon yo ap konvèje nan direksyon entènèt ak enfòmatik pou akonpaye e bay evolisyon sosyo-ekonomik la dinamis.
Msye Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Evelt Eveillard, se yon gwo onè pou mwen paske ou te vle enstale m kòm Direktè jeneral Conatel. Mwen ka asire w mwen pral fè tout efò pou m ranpli fonksyon sa a anba titèl ou ak sipò eklere ou avèk pi gwo devouman. Mwen remèsye tou moun ki te la anvan m nan, Msye Jean-Marie Guillaume, pou kolaborasyon l pandan kenz mwa ki sot pase yo kòm Direktè jeneral adjwen. Mwen salye kalite travay li nan Conatel pandan senk dènye ane yo.
Regilasyon an ap vin pi konplike chak jou ak vini nouvo sèvis, nouvo operatè ak nouvo aktè nan ekosistèm kominikasyon elektwonik yo. Evolisyon mache telekominikasyon an mande yon dyalòg ki bay fwi ant tout aktè sektè a, pou asire entegrasyon bezwen konsomatè yo, operatè yo ak pouvwa piblik yo yon fason pou ankouraje inovasyon e akselere kwasans ekonomik. Kad legal ki an vigè a demode. Li soti 12 oktòb 1977. Gwo chantye ap tann nou nan domèn sa a pou sektè teknoloji yo ka gen yon enstriman jiridik ak legal ki ka asire kwasans li e ede devlopman lòt sektè yo, tankou Edikasyon, Sante, Agrikilti, Komès, Kilti ak anpil lòt. Nou pral travay an patenarya sere ak Ministè titèl nou an pou pwopoze palman an nouvo lwa ki nesesè pou modènize sektè sa a, ki pral pèmèt resevwa nouvo sèvis ak modèl jesyon. Kad jiridik ak regleman an pral oblije adapte l ak dinamik konstan sektè a e reponn ak bezwen mache a ak pwogrè teknolojik mond jodi a.
Msye Premye minis, Se ak anpil imilite mwen pran angajman solanèl pou m fè tout sa m kapab pou ede kreye yon anviwònman ki favorab pou inovasyon e reponn efikasman ak gwo egzijans moman an.
Mesye dam, Distenge envite, fanmi ak zanmi. Mwen konsyan nèt jan nouvo responsablite m yo gwo e mwen konvenk se ansanm nou pral pèmèt Conatel simonte gwo defi moman an avèk siksè. Mwen angaje m jodi a pou m travay ak rigè ak disiplin pou m bay rezilta konkrè. Mwen mete aktivite regilasyon sektè a nan yon kad transparan e san diskriminasyon. Chak tèm regilasyon pral fè objè deba ak diskisyon pou rive nan desizyon ki pètinan e popilasyon an aksepte. Chè kolaboratris ak kolaboratè, Nou pa gen baton majik, travay la p ap fasil, men mwen sèten avèk kolaborasyon reyèl nou, enstitisyon sa a pral fè diferans e l ap reponn ak misyon li pou regle sektè telekominikasyon an Ayiti. Anyen ki gran pa fèt san pasyon. Mwen se yon moun ki pasyone pou teknoloji enfòmasyon. Mwen kwè fèm teknoloji yo ka ede devlopman sosyo-ekonomik peyi a. Fonksyon regilasyon yo mande anpil efò ak enèji nan men nou paske defi k ap tann nou yo gwo. Anplis kad reyèl la, n ap oblije kontinye aktivite tranzisyon televizyon analojik la nan televizyon nimerik lè n defini yon plan estratejik ki enplike tout aktè endistri odyovizyèl la. Degradasyon peyizaj odyovizyèl ayisyen an merite atansyon tout moun. Nou nan epòk kote sibèrespas la toujou anba menas ; Conatel pral travay ak lòt enstitisyon Leta, sektè prive ak sosyete sivil pou defini yon estrateji nasyonal pou sekirize enfrastrikti kritik nou yo pou asire konfyans aktè yo genyen lè y ap itilize yo. Mwen gen entansyon travay rapidman ak tout operatè yo pou amelyore kalite sèvis konsomatè yo gen dwa jwenn, depi nan telefoni rive nan Entènèt, e tou pou fè pri sèvis sa yo pi abòdab pou fanmi yo ak ti ak mwayen antrepriz yo, ki se motè kwasans lan. Travay la gwo e defi a gwo. Mwen konte sou sipò chak grenn nan nou pou fè travay li ak onètete e devouman, nan enterè tout moun. Nan misyon pwomosyon teknoloji li, Conatel pral aplike yon seri pwogram aktivite pou jèn yo pou favorize rechèch ak inovasyon. Mwen pral yon Direktè jeneral ki louvri pou dyalòg ak tout aktè sektè a e ki ap koute konsomatè a. Mwen pral asire yon jesyon ki an sante e transparan resous enstitisyon an. Respè lalwa ap sèl bousòl mwen.
Msye Premye Minis, Msye Minis, mwen remèsye nou ankò pou tan nou. Mwen remèsye tou nou tout ki la a pou sipò ak ankourajman nou, e mwen mande nou priye Senyè a pou mwen pou l ka gide m e dirije aksyon m yo. Mèsi anpil.

