
De operatè telefòn mobil yo konfime yo dispoze respekte desizyon Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) sou pwosesis idantifikasyon tout moun k ap achte Kat SIM.
De operatè telefòn mobil yo konfime yo dispoze respekte desizyon Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) sou pwosesis idantifikasyon tout moun k ap achte Kat SIM. Se sa Prezidan Direktè Jeneral DIGICEL la, Msye Maarten Boute, ak sa NATCOM nan, Msye Le Van Pai, te fè konnen nan deklarasyon yo pandan yon konferans pou laprès yo te bay ansanm, jedi 12 novanm 2020 sa a, nan otèl Montana.
Mo dòd la klè : tout moun ki gen Kat SIM ki aktive dwe idantifye klèman dapre Desizyon Regleman CONATEL adopte a.
Si yo pa respekte dispozisyon ki nan nouvo desizyon regleman sa a, ki pral pibliye nan jounal Ofisyèl Le Moniteur, yo prevwa tou sanksyon administratif kont nenpòt operatè ki an fot.
CONATEL kontinye demach idantifikasyon moun k ap achte kat SIM yo, li te lanse depi 3 novanm ki sot pase a pandan yon pwen laprès. Kidonk, sou tout teritwa nasyonal la, tout moun k ap achte kat SIM dwe gen yon pyès idantite pou yo ka aktive nimewo telefòn yo, sa vle di pou yo jwi tout sèvis Operatè a ofri.
Pou aplike desizyon CONATEL sa a, DIGICEL ak NATCOM, ki swiv li, kreye de aplikasyon pou smartphone ki rele DICUREG pou DIGICEL ak MBCCS pou NATCOM.
De aplikasyon sa yo pral sèvi pou idantifye tout moun k ap achte kat SIM lè yo pran foto pyès idantite moun k ap achte a. Enfòmasyon ki sou pyès idantite a voye nan baz done operatè ki konsène a. Operatè a verifye enfòmasyon yo anvan li aktive nouvo kat SIM nan.
Dapre Direktè Jeneral CONATEL la, Msye Jean Guillaume, demach sa a pa konsène ansyen kat SIM yo nan premye faz sa a. Pou kounye a, operatè yo vize nouvo moun k ap mande kat SIM. Ap gen yon dezyèm faz ki prevwa regilarize ansyen kliyan yo.
Yo mete tout yon pedagoji an plas. Se asire desizyon sa a legal. CONATEL prevwa pibliye rezolisyon desizyon jiridik ak regleman ki gen rapò ak dosye sa a. Yo pral konsidere tout dispozisyon ki gen rapò ak idantifikasyon yon kat SIM : definisyon pwen vant yo, chèn vant lan, pwosesis vant lan ak sanksyon yo, elatriye.
Operatè yo montre yo enterese pou pwojè sa a reyisi nèt. Yo angaje yo pou respekte delè 3 janvye 2021 regilatè a (CONATEL) bay pou idantifye tout kat SIM k ap sikile sou teritwa nasyonal la.

