Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Demande d’autorisation pour les services Starlink et Swarm de SPACE X

Ògàn Egzekitif CONATEL la enfòme piblik la an jeneral ak operatè founisè aksè Entènèt yo an patikilye li te resevwa 5 jiyè 2022...

Ògàn Egzekitif CONATEL la enfòme piblik la an jeneral ak operatè founisè aksè Entènèt yo an patikilye li te resevwa, 5 jiyè 2022, yon demann otorizasyon nan men sosyete ameriken SPACE X pou bay sèvis STARLINK ak SWARM li yo an Ayiti.

Starlink se yon sèvis satelit gwo bann pou aksè ak Entènèt. Li gen yon konstelasyon 4.408 satelit nan òbit ba alantou tè a ak yon latans ki redwi.

Swarm se yon sèvis Entènèt Objè (IoT) yo bay atravè mond lan. Li reprezante yon ansanm plis pase 120 satelit nan òbit ba alantou tè a, ak objektif pou deplwaye jiska 150 satelit.

Ògàn sa a kòmanse egzamine dosye a e, pandan tan sa a, li apwouve inisyativ SpaceX/Starlink pou ekipe an Ayiti, pou esè pilòt, ven (20) sit Direksyon Pwoteksyon Sivil (DPC) sou yon peryòd kat (4) mwa ak senk (5) lòt sit sa yo sou yon peryòd de (2) an :

1) Inivèsite Kanpis Henri Christophe Limonad

2) Bibliyotèk Michèle Tardieu (Bibliyotèk)*

3) Otèl Karibe – Anviwònman sipò BINUH (Nasyonzini)

4) Lekòl Saint François Xavier Wanament

5) Asosyasyon Ayisyen TIC (AHTIC)

Evalyasyon an ap fèt, pami lòt bagay, sou baz konsiderasyon sa yo :

Kenbe yon konkirans ki lwayal ; Menm tretman ak konkirans lan pou menm mache a ; Pwoteksyon operatè ki pa dominan yo ; Mache oswa zòn kouvèti pou konsidere ; Mezi regilasyon ki nesesè pou konsidere karakteristik nouvo sèvis yo ; Avantaj sèvis la ofri sou lòt mache, nan lòt peyi ; Enpak sosyal ak ekonomik nouvo sèvis yo sou sosyete a

Fèt Pòtoprens, 29 jiyè 2022 sa a.

Inite Kominikasyon