
Chèf ògàn regilasyon telekominikasyon an rete konvenk, pou kad ak anplwaye yo, nan tout nivo, ka pi efikas, yo dwe jwi kèk privilèj ki ankouraje yo...
Chèf ògàn regilasyon telekominikasyon an rete konvenk, pou kad ak anplwaye yo, nan tout nivo, ka pi efikas, yo dwe jwi kèk privilèj ki ankouraje yo. Kòm motivasyon se kè moun, se li ki pral pouse yo reyalize bagay e depase tèt yo.
Se konsa, nan kad yon seremoni yo te òganize mèkredi 1ye Fevriye 2012 nan Sal Konferans Enstitisyon an, Direktè jeneral la te remèt modèm ki bay aksè san limit ak Entènèt bay pa mwens pase san senkant (150) anplwaye.
Levye motivasyon sa a, ki pa piti, rejwenn, yon fason pratik, pwomès Msye Jean Marie Guillaume te fè pandan 43yèm anivèsè CONATEL 27 Septanm 2011. Nan diskou li, Direktè jeneral la te eksprime volonte l pou chanje pa sèlman peyizaj sektè telekominikasyon an, men tou kondisyon travay anplwaye enstitisyon an.
Pwomès fèt, pwomès kenbe. Se prèv tou yon responsab ki pa vle ditou chape anba angajman l. Si nou konsidere gwo wòl Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) yo jwe nan lavi nou chak jou, aksè ak Entènèt yo ofri pèsonèl la pral, yon bò, favorize echanj, devlope pataj konpetans ak lespri ekip, e, yon lòt bò, devlope otonomi manm pèsonèl la e favorize motivasyon yo.
CONATEL swete anplwaye ki benefisye modèm sa a pwofite l maksimòm pou yo aprann nouvo konesans atravè rechèch sou Entènèt pou devlopman pèsonèl yo ak pou pèfòmans pwofesyonèl yo.

