%2520(1).webp&w=3840&q=75)
Konferans pou laprès sou kote eksperyans pilòt tranzisyon nimerik la rive
Konferans pou laprès sou kote eksperyans pilòt tranzisyon nimerik la rive
Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) prezante konpliman li bay medya yo e li envite yo pou yo kouvri yon konferans pou laprès Direktè Jeneral la, Msye Jean Marie ALTEMA, pral bay ansanm ak manm komite pilotaj chèn eksperimantal televizyon nimerik tèrès la. Aktivite sa a pral fèt nan lokal CONATEL vandredi 3 fevriye 2017 a 11è30 dimaten pou prezante kote eksperyans pilòt la ak Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) Chèn 10 rive, yon mwa apre lansman l. Yo pral difize l an dirèk sou paj Facebook Conatel la : Facebook.com/conatel. Direksyon Jeneral CONATEL la di medya yo mèsi davans pou gwo kouvèti yo pral bay aktivite sa a.
Jean Marie ALTEMA
Direktè Jeneral

