Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
CONATEL- Technologies/ Secteur informel

Lansman yon atelye fòmasyon sou reparasyon telefòn selilè pou 20 jèn, Jedi 25 Out 2016 sa a nan Komin Kafou.

Jedi 26 out 2016 sa a, nan lokal meri Kafou, devan otorite minisipal yo, Direktè Jeneral Adjwen CONATEL la, Enj. Jean Dalex Maignan, te lanse ofisyèlman yon atelye fòmasyon sou reparasyon telefòn selilè pou yon ventèn jèn nan komin sa a. Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te lanse seminè fòmasyon sa a, ki te òganize soti 25 rive 26 out 2016 ; li antre nan kad yon seri aktivite nouvo administrasyon Enj. Jean Marie ALTEMA, Direktè Jeneral enstitisyon sa a, ap dirije a antreprann. Objektif la se fòme jèn moun de (2) sèks yo nan domèn reparasyon telefòn selilè pou yo ka bay konsomatè yo asistans teknik lè sa nesesè. Pwogram sa a pral kòmanse Kafou e l ap elaji nan lòt vil Repiblik la.

Fòmasyon de (2) jou sa a pral bay jèn sa yo okazyon pou yo aprann konpetans teknik ki apwopriye, ki pral pèmèt yo repare kèk pann telefòn, sitou telefòn entelijan (smartphone). Anplis, li pral ede yo devlope kapasite nan antreprenarya lè yo kreye pwòp antrepriz pa yo pou yo ka satisfè bezwen ekonomik yo e tou ede popilasyon an pi byen itilize telefòn pòtab yo.

Jèn sa yo te montre yo enterese anpil e motive anpil pa premye nosyon yo te asimile pandan premye jounen travay sa a fòmatè yo te anime : Gregory DOMOND, Joseph Romel JEAN, Jocelyn REVANGE, Wesly JOSEPH. Dapre jèn sa yo, fòmatè yo te itilize yon langaj ki kaptive yo pa kalite transmisyon yo e ki byen adapte ak asistans lan. Anplis, fòmatè yo bay garanti jèn sa yo pral kapab reponn, nan fen atelye sa a, egzijans mache a konsènan reparasyon telefòn selilè e anplis yo pral gen yon konesans global sou fonksyònman yon rezo selilè.

Ann siyale, kalite fòmasyon CONATEL pwopoze a baze sou konvivyalite ant fòmatè yo ak patisipan yo : sa te fasilite echanj ki bay fwi ant de gwoup yo. Anplis, patisipan yo ap tann ak enpasyans dezyèm e dènye jounen an ki pral konsantre plis sou pratik. Anfen, nan bout 2 jou travay serye sa yo, patisipan yo pral resevwa yon KIT zouti pou repare telefòn ak yon sètifika Direktè Jeneral CONATEL la bay kòm sipò ak apresyasyon pou tout moun ki te montre, pa prezans yo, yon gwo enterè pou fòmasyon sa a. Evènman sa a se sèlman kòmansman lis gwo chantye nouvo administrasyon sa a gen lide reyalize pou jèn ak pwofesyonèl nan sektè Telekom, tankou : refè atelye sa a nan lòt vil pwovens, fè seminè sou radyodifizyon, Entènèt ak sètifikasyon Enjenyè ak Teknisyen k ap enstale poto antèn, elatriye...