Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire, madi 10 desanm 2013, nan yon pavyon lise Norma Rabel, yon laboratwa enfòmatik.

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire, madi 10 desanm 2013, nan yon pavyon lise Norma Rabel, yon laboratwa enfòmatik. Seremoni sa a te fèt devan plizyè pèsonalite politik (tankou konseye espesyal Prezidan Repiblik la, Joseph Lambert, senatè Wencesclass Lambert ak depite Rossini Jean-Pierre) ak plizyè santèn moun Bèlans ki t ap selebre fèt chanpèt yo menm jou a. Se te yon okazyon ki te pèmèt moun nan zòn nan apresye reyalizasyon pwojè edikatif enpòtan sa a.

Inogirasyon sa a, ki antre nan kad pwogram "Scolaritech" CONATEL ap pilote a, vize bay anpil lekòl nan peyi a yon laboratwa enfòmatik.

Pou Direktè CONATEL la, Msye Jean-Marie Guillaume, sibèsant sa a pral ede fanm yo elaji konesans yo apati rechèch sou Entènèt. « Mwen kontan wè ak ki kè kontan fanm Bèlans yo resevwa reyalizasyon sa a, e mwen dwe di, pami tout rejyon kote yo deja mete yon sibèsant sou pye, se Bèlans mwen jwenn fanm yo pi antouzyas ».

Sepandan, li fè remake kèk feblès nan reyalizasyon sa a : pa gen yon sous enèji endepandan pou fè ekipman yo fonksyone regilyèman.

« Nou vle remèsye w, Msye Jean-Marie Guillaume, pou sant enfòmatik sa a nou t ap tann depi lontan. Li pral pèmèt nou elaji domèn konesans nou », Sherly Francois, elèv Filo, ki t ap pale nan non tout elèv lekòl la, deklare.

Kanta pou Direktè Lise Calixte Norma Rabel la, li deklare sant sa a pral pèmèt jèn yo dokimante yo e fè rechèch pou yo pèfeksyone yo. Premye responsab Lise a, Msye Rico Janvier, ki ap jere laboratwa sa a pou kounye a, pwofite okazyon an pou l salye dinamis depite Rossini Jean-Pierre.

Anplis, senatè Wencesclass Lambert gen entansyon jwe pati pa l. Li pwomèt plis pase san senkant mil goud pou sant enfòmatik sa a.

Pou anpil moun, sibèsant sa a reprezante pi bon kado vil Bèlans te ka resevwa pou fèt chanpèt li.