
Senk gwo pèsonalite te patisipe nan seremoni sa a : Direktè jeneral CONATEL la, Msye Jean-Marie Guillaume, ak Rektè UEH a, Msye Jean Vernet Henry, ki te siyen pou de enstitisyon yo ; Msye Fritz Deshommes, Vis-Rektè pou rechèch, Dwayen Fakilte Syans imèn, Msye Jean Erol Elie, ak Direktè jeneral adjwen an, Msye Jean-Marie Altéma.
Senk gwo pèsonalite te patisipe nan seremoni sa a : Direktè jeneral CONATEL la, Msye Jean-Marie Guillaume, ak Rektè UEH a, Msye Jean Vernet Henry, ki te siyen pou de enstitisyon yo ; Msye Fritz Deshommes, Vis-Rektè pou rechèch, Dwayen Fakilte Syans imèn, Msye Jean Erol Elie, ak Direktè jeneral adjwen an, Msye Jean-Marie Altéma.
« Siyati Pwotokòl dakò sa a, maten an, vize pèmèt CONATEL mete konpetans diferan fakilte Inivèsite Leta Ayiti yo nan sèvis pou etidye, eksplike, ankadre, divilge e aplike prensip ki fonde misyon regilatè nou ye a », Msye Guillaume eksplike pandan entèvansyon l.
« Nou vle, pa aksyon sa a, fè vwa Inivèsite a pi fò nan gwo deba nasyonal yo, ranfòse estati l kòm tanp pawòl ki gen otorite, fè l tounen yon aktè endispansab e ki pi pèfòman chak jou nan lavi ekonomik la », Direktè jeneral CONATEL la presize.
Msye Guillaume raple, pi lwen pase yon senp kolaborasyon, pwotokòl la se yon presedan ki dwe antretni. « Se sante sektè telekominikasyon an ki an jwèt. Se sante ekonomi nasyonal la ki an jwèt. Se sitou wòl Inivèsite a dwe jwe nan modènizasyon sosyete nou an nan epòk Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo ki an jwèt. Se sitou nesesite pou mobilize konesans akademik nan sèvis politik piblik yo pou yon sosyete kote obligasyon rezilta vin tounen règ la. »
Rektè Inivèsite Leta Ayiti a, pou pati pa l, remèsye CONATEL ki reponn yon long e silansye atant UEH. « Mwen kontan wè ansyen etidyan Inivèsite a ap vire gade l pou mande sèvis ki antre nan kad atribisyon l menm », li di. Msye Jean Vernet Henry raple Inivèsite Leta Ayiti se yon sèvis piblik, yon bagay moun twò souvan bliye. Li kontan tou pou patenarya sa a ant de gwo enstitisyon piblik sa yo e li swete lòt antite Leta swiv egzanp CONATEL.
Nan pwotokòl dakò sa a, de enstitisyon yo angaje yo pou travay pou ranfòse dispozitif legal ak regleman sektè telekominikasyon an, pou òganize radyodifizyon son ak televizyon, pou amenajman nimerik teritwa a e pou pwomosyon kondisyon ki favorab pou yon pi gwo rantabilite rezo telekominikasyon yo.

