.webp&w=3840&q=75)
Yon delegasyon Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), ki te prezide pa Direktè Jeneral li, Msye Jean Marie Guillaume, te ale nan Repiblik Dominikèn pou yon misyon de jou...
Yon delegasyon Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), ki te prezide pa Direktè Jeneral li, Msye Jean Marie Guillaume, te ale nan Repiblik Dominikèn pou yon misyon de jou, soti 26 rive 28 Oktòb 2014, pou rankontre kòlèg li nan Enstiti Dominiken Telekominikasyon (INDOTEL), Msye Gedeon SANTOS, nan kad yon reyinyon travay sou entèferans ak fwod telefòn.
Ayiti ak Repiblik Dominikèn ap fè fas ak pwoblèm entèferans sèvis telefoni mobil ak odyovizyèl yo lakòz. Pou sa, CONATEL ak INDOTEL deside travay pou aplike yon pwogram komen ki vize chèche solisyon komen pou pwoblèm komen sa yo ak pou sa lòt aktivite ilegal fwodè de peyi yo antreprann kont enterè sektè telekominikasyon sa yo lakòz.
Reyinyon an te fèt nan katye jeneral òganis regilasyon Telekominikasyon Repiblik dominikèn nan. Reprezantan de enstitisyon yo defini yon ajanda travay pwovizwa e yo diskite sou yon pwotokòl dakò ant de peyi yo, ki pou siyen an Ayiti.
Diskisyon yo te konsantre sitou sou pwoblèm fwod telefòn ki soti nan Repiblik vwazen an pou vin Ayiti ak tranzisyon televizyon analojik la nan televizyon nimerik.
Direktè CONATEL la, Msye Guillaume, fè konnen echanj yo te bay bon rezilta. "Fò yo fè efò e fò yo poze aksyon ansanm pou jwenn yon solisyon pou pwoblèm komen de enstitisyon nou yo ap fè fas ; toujou gen solisyon efikas pou rezoud pwoblèm teknik yo", li ensiste.
Msye Gedeon Santos, Direktè jeneral INDOTEL, di li konsyan enjeu yo. Sepandan, li rete gen konfyans kolaborasyon ak Msye Guillaume pral pèmèt jwenn solisyon dirab rapidman pou pwoblèm yo.
CONATEL, ki fèk fete 45 an egzistans li, ap miltipliye rankont ak konsiltasyon ak tout aktè telekominikasyon yo pou kontinye misyon ankadreman ak sipò li pou politik pwomosyon yon kwasans fò e solid sektè a, ki se sektè ki pi dinamik nan ekonomi ayisyen an.

