Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Conatel et BHN créent le Comité Electrotechnique National

Yo te inogire l an desanm 2012 ; Biwo Ayisyen Nòmalizasyon (BHN) gen chaj pou òganize e jere aktivite nòmalizasyon, metwoloji endistriyèl, sètifikasyon, pwomosyon kalite, e bay sipò teknik pou tout aksyon ki vize objektif sa yo. Nan kad misyon li, li asosye ak Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) pou kreye yon Komite Elektwoteknik Nasyonal (CEN).

Mizanplas fòmèl Komite sa a, 28 janvye 2015, se yon egzijans Komisyon Elektwoteknik Entènasyonal (CEI) pou pèmèt kèk peyi pwofite pwogram afilyasyon li. Afilyasyon sa a pral pèmèt peyi a benefisye kèk nòm CEI e achte lòt nan pri preferansyèl.

Avèk afilyasyon sa a, Ayiti pral ka pwofite asistans CEI lè l ap kreye pwòp nòm pa l, soumèt yo bay òganizasyon rejyonal la pou apwobasyon, gen aksè ak baz done nòm entènasyonal, elatriye.

Yon douzèn enstitisyon piblik, sosyete prive ak patikilye te patisipe nan reyinyon konstitisyon Komite Elektwoteknik Nasyonal la, 28 janvye ki sot pase a. Patisipan yo chwazi pa aklamasyon fizisyen an, Msye Jean-Robert Magloire, kòm Prezidan CEN.

Msye Magloire, ansyen fonksyonè Inyon Entènasyonal Telekominikasyon nan Jenèv, ki se konsiltan nan CONATEL kounye a, remèsye manm yo pandan l ap raple yo li pral bezwen sipò yo pou l akonpli manda l, ki defini an konfòmite ak manda BHN, e ki limite nan Elektwoteknik ak Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC).

Konstitisyon Komite Elektwoteknik Nasyonal la se sèlman premye etap la. Kounye a li pral akonpaye Biwo Ayisyen Nòmalizasyon an nan anpil atribisyon li, tankou pwodiksyon nòm ak referansyèl nòmatif, adopsyon mak konfòmite ak nòm ayisyen yo ak etikèt kalite, fòmasyon sou nòm yo ak teknik pou aplike yo, sèvis etalonaj, elatriye.