
CONATEL selebre 56 an li sou tèm : Nan direksyon yon regilasyon nimerik ki pi fò pou sèvi devlopman Ayiti.
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te selebre jedi 25 septanm 2025 sa a nan Otèl Montana 56yèm anivèsè li sou tèm « 56 an nan sèvis Devlopman Telekominikasyon an Ayiti ». Seremoni ofisyèl la te rasanble otorite Leta yo, aktè sektè a ak patnè estratejik yo, e li te mete aksan sou reyalizasyon, defi ak pèspektiv enstitisyon an.
« Nou pa selebre yon anivèsè sèlman, n ap onore yon eritaj e n ap trase chemen lavni ». Se ak pawòl sa yo Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enjenyè Huguens Prévilon, te kòmanse diskou li nan okazyon seremoni pou selebre 56yèm anivèsè CONATEL jedi 25 septanm sa a. Msye Prévilon raple rezilyans enstitisyon an malgre anpil kriz peyi a te travèse. Li souliye sitou CONATEL rete fidèl ak misyon li kòm regilatè ak garan bon fonksyònman sektè a. Pami pwogrè li mete an avan yo, gen siyati elektwonik, idantifikasyon obligatwa kat SIM yo, mizanplas mekanis pou mezire kalite sèvis la, ak elaborasyon yon dekrè kont sibèarselman.
Konsènan migrasyon nan televizyon nimerik, yo te voye yon pwojè dekrè sou migrasyon nan televizyon nimerik bay ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), li souliye !
Anplis, Direktè Jeneral la ensiste sou nesesite pou ranfòse kapital imen an e modènize kad regleman an. Li idantifye sibèsekirite ak jesyon rasyonèl frekans yo kòm priyorite, e li lanse yon apèl pou yon aksyon kolektif pou fè CONATEL tounen yon motè devlopman nimerik an Ayiti.
Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Enjenyè Raphaël Hosty, pou pati pa l, reyafime angajman Leta pou sipòte aksyon CONATEL. Li souliye tou koperasyon ant gouvènman an, regilatè a ak operatè yo pou elaji aksè ak konektivite e ankouraje inovasyon. Anplis, li mete aksan sou volonte pou kreye yon kad ki favorab pou envestisman, yon kondisyon esansyèl pou modènize enfrastrikti yo e akonpaye transfòmasyon dijital peyi a.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé reyafime angajman gouvènman an anvè telekominikasyon e li presize CONATEL dwe ale pi lwen pase regilasyon pou l tounen yon poto mitan estratejik nan transfòmasyon nimerik Leta a ak sosyete ayisyen an.
Misyon CONATEL ap evolye, li pa konsiste sèlman nan regle yon mache, men nan bati ekosistèm nimerik nasyonal demen an. Li fikse tou twa direktiv priyorite pou CONATEL : « souverènte ak sekirite nimerik, enklizyon nimerik total e anfen inovasyon ak konpetitivite », li ensiste.
« Nou dwe prepare vini teknoloji demen yo tankou 5G ak entèlijans atifisyèl pou peyi a pa rate tren lavni », Premye Minis Fils-Aimé endike, pandan l ap souliye CONATEL p ap pou kont li nan batay sa a. « Regilatè a pral travay an sinèji ak tout gouvènman an. Fèy wout la klè e mwayen yo pral la anba gouvènans mwen », li ajoute.
Konsa, atravè mesaj otorite yo, selebrasyon 56yèm anivèsè CONATEL te trase yon vizyon komen : vizyon yon regilatè modèn, inovatè e enklizif, ki kapab pote souverènte nimerik e kontribye nèt nan devlopman ekonomik ak sosyal Ayiti.
Selebrasyon an te anrichi tou ak de panèl teknik. Premye a, operatè NATCOM, DIGICEL, ACCESS HAITI ak HDN te anime l, te pèmèt fè yon bilan sektè a, idantifye defi l yo e diskite chemen amelyorasyon pou pi byen reponn atant konsomatè yo. Inisyativ Ògàn Egzekitif CONATEL sa a se te yon vrè egzèsis transparans ki ka sèlman ranfòse lyen konfyans ant operatè yo ak popilasyon an.
Dezyèm panèl la te konsantre sou siyati elektwonik, pou mete aksan sou kad legal li, fèy wout li ak enpòtans li pou transfòmasyon nimerik peyi a. Yo te òganize l paske dekrè ki amande lwa 14 fevriye 2017 la sou siyati elektwonik te fèk pibliye. Pandan y ap tann piblikasyon arete aplikasyon an, li te bon pou CONATEL pataje fèy wout li ak aktè ki konsène yo e asire piblik la jwenn plis enfòmasyon posib.
Ann souliye, nan okazyon selebrasyon sa a, CONATEL te gen privilèj pou l onore plizyè pèsonalite pou kontribisyon yo nan devlopman sektè telekominikasyon an Ayiti.
Tout pèsonèl CONATEL la, tout kategori, te gen tan selebrasyon pa yo bò kote Direktè Jeneral yo ak kèk envite pandan yon seremoni konvivyal vandredi 26 septanm 2025, kote yo te mete an avan gwo kontribisyon yo nan akonplisman misyon enstitisyon an. Seremoni an fini ak remiz sètifika pou kad ki te swiv fòmasyon nan Jesyon Resous Materyèl Leta ak nan Radyo-amatè. Direktè Jeneral la reyafime volonte l pou kontinye kreye okazyon fòmasyon pou tout moun e travay pou devlopman dirab sektè Telekominikasyon an Ayiti.
Viv CONATEL lontan.

