Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Cap-Haïtien: Formation d’une trentaine de jeunes en réparation de téléphones cellulaires

Lavèy Komemorasyon batay Vètyè, soti 15 rive 18 novanm 2017, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize nan Konplèks Administratif Okap yon atelye fòmasyon nan reparasyon telefòn selilè pou yon trantèn jèn Okap.

CONATEL te lanse seminè fòmasyon sa a ; li antre nan kad yon seri aktivite nouvo administrasyon Enjenyè Jean David RODNEY, Direktè Jeneral, ap dirije a antreprann, ki gen objektif fòme jèn (gason ak fi) nan domèn reparasyon telefòn selilè.

Fòmasyon twa jou sa a bay jèn sa yo zouti ak teknik ki nesesè pou repare kèk pann telefòn, sitou smartphone. Li ba yo tou okazyon pou yo tounen antreprenè lè yo kreye pwòp antrepriz pa yo pou yo satisfè bezwen ekonomik yo.

Fòmatè yo bay garanti jèn sa yo pral kapab entèvni yon fason pwofesyonèl sou telefòn selilè yo. Pou pati pa yo, patisipan yo di yo pare pou reponn bezwen moun nan kominote a.