
AVI APÈL POU KANDIDATI N° CNT-17-AC-01 10 JIYÈ 2017 POU KONSTITYE YON BAZ DONE FOUNISÈ
AVI APÈL POU KANDIDATI N° CNT-17-AC-01 10 JIYÈ 2017
POU KONSTITYE YON BAZ DONE FOUNISÈ
Nan kad egzekisyon bidjè 2017-2018 li, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) vle mete baz done founisè agreye li yo ajou pou pèmèt li ranfòse mekanis bòn gouvènans li lè l ap achte byen ak sèvis, dapre lwa ak bon pratik ki an vigè yo.
Objektif prekalifikasyon sa a se konsilte tout antrepriz ki vle bay CONATEL sèvis pou konstitye yon fichye founisè agreye ki ajou pa domèn aktivite pou pèmèt yon konpetisyon dapre pwosedi ki an vigè yo.
Antrepriz ki vle CONATEL agreye yo dwe aplike dapre sèvis yo bay nan domèn aktivite sa yo :
Antretyen ak reparasyon materyèl woulan ; Antretyen ak reparasyon materyèl klimatizasyon ; Antretyen ak reparasyon materyèl elektwomekanik ; Travay batiman : elektrisite, plonbri, menizri, vitri, penti, karo... Konstriksyon batiman ak tout lòt travay jeni sivil ; Founiti biwo ak konsomab enfòmatik ; Ajans vwayaj, touris ; Restorasyon ak Otelri ; Kabinè fòmasyon ; Asirans byen ak moun ; Gadyennaj ; Sekirite ensandi ; Netwayaj, deratizasyon, dezenfeksyon ; Lokasyon machin ak materyèl ; Enprimri, repwografi, serigrafi ak edisyon ; Evènman, Kominikasyon ak relasyon piblik ; Akizisyon materyèl elektwonik ak enfòmatik ; Akizisyon materyèl elektrik ak elektwomekanik ; Sèvis dedwanman. CONATEL rezève dwa pou l pa bay okenn swit a tout oswa yon pati nan apèl pou kandidati sa a.
Moun ka jwenn plis enfòmasyon nan CONATEL, 4, Avni Christophe, Pòtoprens, Ayiti, oswa nan 3322-7795, oswa ekri nan csmp@conatel.gouv.ht
Konsiltasyon sa a louvri pou tout antrepriz ki enstale an Ayiti ki gen eksperyans pwouve nan domèn nou site yo e ki ajou nan fòmalite administratif, sosyal ak fiskal yo.
Moun ka pran dosye prekalifikasyon an gratis sou sipò nimerik nan CONATEL, 4, Avni Christophe, Pòtoprens, Ayiti.
Kidonk, antrepriz yo dwe vini ak yon kle USB tou nèf nan anbalaj li pou resevwa kontni konsiltasyon an.
Yo pral resevwa kandidati yo, ekri an Fransè, an 03 egzanplè relye, yon orijinal ak 02 kopi ki make kòm sa, nan anvlòp fèmen ki pote mansyon « SELECTION DES FOURNISSEURS AGREES DU CONATEL AU TITRE DE L’ANNEE FISCALE 2017-2018 », pi ta 31 out 2017 a 12è nan katye jeneral CONATEL, 4 Avni Christophe, Pòtoprens.

