
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te pran randevou 25 ak 26 out 2016, nan lokal Meri Kafou, ak jèn komin sa a pou yon ‘‘atelye fòmasyon sou reparasyon telefòn selilè’’.
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te pran randevou 25 ak 26 out 2016, nan lokal Meri Kafou, ak jèn komin sa a pou yon ‘‘atelye fòmasyon sou reparasyon telefòn selilè’’.
Fòmasyon sa a pral yon okazyon pou jèn sa yo, yon bò, dekouvri mond reparasyon telefòn entelijan (yo rele smartphone) e, yon lòt bò, aprann konesans ki nesesè e itil pou yo ka pi byen ankadre itilizatè yo nan zòn pa yo. Se yon ekip pwofesyonèl ki gen anpil ane eksperyans nan reparasyon telefòn pòtab ak nan sektè telekom an jeneral ki pral bay kou yo.
Kou yo pral ni teyorik ni pratik. Nan premye pati a, jèn yo pral dekouvri kijan yo konsevwa yon rezo selilè ak sa ki anndan bwat yon telefòn pòtab, sa vle di diferan konpozan elektwonik ak lòt pyès radyo ki pèmèt yon kominikasyon telefòn fèt. Nan pratik, jèn sa yo pral oblije rezoud pann ki pi kouran nan yon telefòn selilè sou plan teknik.
Pandan de jou travay sa yo, jèn yo pral pi byen konprann kijan yon rezo selilè fonksyone ak wòl chak konpozan elektwonik nan yon telefòn selilè. Anplis, yo pral aprann metodoloji entèvansyon ki pral pèmèt yo rezoud pifò pwoblèm itilizatè yo konn genyen ak smartphone yo.
Nan fen atelye sa a, jèn sa yo pral gen yon metye anpil moun bezwen jodi a sou mache travay la, sitou nan telefoni : reparatè telefòn selilè. Sa pral reponn objektif Direktè jeneral CONATEL la, Jean Marie Altéma, te fikse : pèmèt jèn ki pa gen travay fiks ka touche lavi yo yon fason diy atravè antreprenarya, sa vle di kreyasyon ti antrepriz pa yo gras ak teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (TIC). Anpil peyi te konnen yon dekolaj ekonomik rapid, yon devlopman solid e dirab gras ak TIC yo. Ayiti, malgre bezwen li ak pwoblèm ekonomik li, pa t ka benefisye sa ; paske pa t gen direktiv piblik pou ankouraje byennèt kolektif atravè nouvo teknoloji yo. Jodi a, an 2016, popilasyon ayisyen an ta dwe gen aksè ak Entènèt nan yon rapò kalite/pri ki avantaje e konpetitif, ak yon kouvèti peyi a ki rive prèske 80%.
Konsa, Direktè jeneral la, nan swit pwogram sa a, vle fè pwofesyonèl ki gen konesans yo sòti nan konsèp senp itilizatè pou y al nan yon nivo ki pi avanse, paske sipò teknik ak diferan aplikasyon yo disponib sou Entènèt. Kidonk, fò nou reflechi yon lòt jan, sa vle di olye nou rete senp konsomatè, fò nou pase nan nivo konseptè ak chèchè, ki se sous kreyasyon richès pou peyi nou.

