Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

Lè yon twazyèm operatè, DIGICEL, te rive, sa te fè mache a vin pi konpetitif toujou. Li te favorize sitou aksè ak telefòn mobil pou gwoup ki pa t janm jwenn sèvis. Kidonk, konkirans lan te pran vitès kwazyè li an Ayiti...

Liberalizasyon pasyèl mache telekominikasyon ayisyen an an 1995 te louvri chemen pou de nouvo operatè telefoni mobil antre : Haitel S.A. ak COMCEL S.A. Chwa sa a, anviwònman mondyal sektè a te dikte lè sa a, te kraze inèsi a pou l bay rezilta konkrè an Ayiti : disponiblite sèvis, ogmantasyon resèt fiskal Leta, kreyasyon travay dirèk ak endirèk, transfè ak difizyon teknoloji, elatriye.

Lè yon twazyèm operatè, DIGICEL, te rive, sa te fè mache a vin pi konpetitif toujou. Li te favorize sitou aksè ak telefòn mobil pou gwoup ki pa t janm jwenn sèvis. Kidonk, konkirans lan te pran vitès kwazyè li an Ayiti gras ak konpayi miltinasyonal sa a ki ofri yon kouvèti prèske nasyonal.

Dènye etap liberalizasyon total sektè a te konkretize ak privatizasyon operatè istorik la, sa vle di Telekominikasyon d Ayiti (TELECO), sa ki te pèmèt yon nouvo pwopriyetè ki gen gwo potansyèl antre sou mache a, NATCOM.

Revni dezyèm operatè telefoni mobil la, COMCEL (yo konnen l sou non komèsyal VOILA), te kòmanse desann san rete e ak yon vitès egzponansyèl depi ane 2006 jouk li rive nan yon bès rekò plis pase 400% an 2012. Dapre done ki disponib nan DGI, COMCEL pa t gen retou sou envestisman depi plizyè ane.

Etid yo te montre se sèlman yon envestisman masif e kontinyèl ak deplwaman yon kab optik pou aksè entènasyonal li ak rezo santral nasyonal li ki te ka pèmèt VOILA rekipere sou plan estratejik ak finansye.

Anplis, Trilogy, konpayi manman VOILA, pa t montre l anvi fè yon lòt gwo envestisman alè nan filyal ayisyen li a ; sa ki mennen l, kòm konsekans, kite mache ayisyen an.

DIGICEL wè nan absòpsyon VOILA okazyon pou konsolide pozisyon l devan NATCOM. NATCOM gen plis lisans e li gen plis bann frekans (pou operasyon rezo li) pase konpetitè l yo.

Ak gwo enjeu sa yo, DIGICEL konkli ak Trilogy akizisyon VOILA. De rezo sa yo kontinye fonksyone separeman.

Jistifikasyon absòpsyon sa a an rapò ak konkirans lan

Bon rezilta anviwònman konkirans lan genyen enpak sou tout sosyete ak ekonomi ayisyen an. Kantite telefòn pòtab pa fanmi pase, pandan yon deseni, soti nan yon telefòn pou 100 moun rive plis pase 40 pou 100. To penetrasyon Entènèt nan peyi a ogmante yon fason espektakilè pandan dènye ane sa yo. Travay pèmanan ki kreye nan sektè sa a depase 3000, e revni Leta jwenn ladan l estime a plis pase 100 Milyon dola ameriken.

Vre, konkirans lan vin pi fò sou mache a e li mennen nan :

(i) Modènizasyon sektè a : deplwaman rezo modèn ak sèvis ki bon kalite favorize devlopman sektè a an Ayiti depi plis pase yon deseni.

(ii) Yon divèsite chwa pou konsomatè yo : aksè ak sèvis telefòn debaz la pa yon liks ankò pou konsomatè ayisyen an. Li gen plizyè opsyon lè l vle abòne nan yon sèvis telekominikasyon ak Entènèt.

(iii) Elajisman asyèt fiskal Leta a : resèt ki soti nan eksplwatasyon resous ra tankou spèk frekans radyoelektrik yo, nimewo telefòn yo ; ak taks edikatif pou aksè gratis ak edikasyon.

Kat operatè telefoni san fil te pataje, pandan yon sèten tan, mache 10 milyon abitan an, pandan yo t ap mete tout kalite sèvis telekominikasyon a dispozisyon itilizatè yo.

Sepandan, si li vre konkirans nan sektè telekominikasyon an bon pou operatè yo ak pou konsomatè yo, li ka mennen tou nan fizyon oswa akizisyon pou evite yon fayit ki ta fè dinamik mache a ak enterè konsomatè yo tò. Fizyon se yon operasyon jiridik konplike ki divize an de branch : absòpsyon oswa akizisyon selon sikonstans yo e sitou selon bezwen mache a. Kidonk, fò n pale de fizyon yon fason efikas e presi. Si nou vle egzak, nou pale de "fizyon absòpsyon" ak "fizyon akizisyon", ki se de operasyon jiridik diferan ak konsekans fiskal ki diferan. Kòm VOILA te absòbe, se yon "fizyon absòpsyon".

Estrateji fizyon pa absòpsyon oswa pa akizisyon se solisyon yo adopte sou mache mondyal telekominikasyon an pou fè fas ak kriz finansye operatè yo. Pami fizyon ki pi frapan sou plan mondyal, gen ka Alcatel - Lucent ak Orange UK - T Mobile.

Pozisyònman operatè mobil yo sou mache a

Pou kenbe pati mache pa l nan anviwònman konpetitif sa a, pou jwenn nouvo segman e pou pozisyone l, chak operatè chwazi apwòch estratejik pa l.

Pozisyònman DIGICEL : Depi li antre sou mache a, operatè sa a te montre l agresif lè l t ap chèche pran pati mache e demokratize aksè ak sèvis yo pou tout kategori sosyal. Estrateji sa a pèmèt li atire plis kliyan chak jou atravè teritwa nasyonal la.

Estrateji pou deplwaye yon kab optik pou aksè entènasyonal ak yon lòt pou bati rezo santral nasyonal li se yon lòt atou pou operatè sa a.

Pozisyònman VOILA : COMCEL, yo konnen sou non komèsyal VOILA, gen yon atitid konsèvatè anvè evolisyon mache a ; li kontante l kenbe kliyan l yo san li pa envesti lou nan rezo l pou l pozisyone l pou lontan sou mache a.

Pozisyònman NATCOM : Nouvo operatè mobil sa a, eritye enfrastrikti debaz TELECO e ki gen plizyè konsesyon, ap chèche pozisyone l sou tout segman mache a. Rezo santral li an fib optik, ki pèmèt li ofri aksè Entènèt gwo debi, deja mete l nan yon pozisyon konfòtab an rapò ak konpetitè l yo.

Pozisyon regilatè a ak jistifikasyon chwa a

Regilatè nasyonal sektè telekominikasyon an, CONATEL, kwè li bon pou l pran pozisyon e pataje vizyon l sou avni sektè a. CONATEL, nan fonksyon abit li, dwe entèvni pou sektè a mache byen. Pou sa, plizyè senaryo te posib :

(i) Konstate fayit operatè VOILA : si yo kite sitiyasyon an degrade piti piti, operatè sa a ta tonbe nan menm sitiyasyon ak HAITEL, sa ki ta fè enterè tout moun tò.

(ii) Bloke tranzaksyon finansye a : desizyon regilatè a pou l opoze l ak yon tranzaksyon konsa pa sèlman ta fè lib konkirans lan ak ekilib mache a tò, men tou se ta yon move siyal pou envestisè ki ka enterese nan mache ayisyen an. Yo ta konprann sa kòm Leta pa vle pwoteje envestisman prive.

(iii) Konsidere reyalite mache a : si nou baze sou pati mache DIGICEL ak NATCOM e si nou konsidere deplwaman kab optik yo pou ofri aksè ak sèvis gwo bann, li klè COMCEL pa t ap ka kenbe plas li nan tèt mache a ankò.

Anfen, tout done finansye ki disponib e Regilatè a ranmase konfime tandans fayit VOILA ki te toupre. Pou l remonte pant lan, VOILA ta dwe fè nouvo envestisman ki lou anpil e gen pwòp kab optik pa l, menm jan ak de prensipal konpetitè l yo. Si nou konsidere reyalite a, CONATEL chwazi prezève estabilite sektè a lè l bay apwobasyon l pou chwa Trilogy pou l bay konsesyon l lan yon lòt aktè sou mache a. Estrateji regilatè a pou l apwouve akizisyon sa a gen twa objektif :

(i) pwoteje enterè abòne VOILA yo,

(ii) garanti travay ki egziste nan operatè VOILA

(iii) pwoteje resèt Leta.

CONATEL, nan sousi l pou pwoteje enterè tout moun : envestisè, konsomatè ak anplwaye, te pran desizyon kouraje pou l apwouve konsyamman transfè konsesyon VOILA a bay Digicel.

Obligasyon regleman ki obligatwa

Nan nouvo anviwònman ki pral soti nan absòpsyon sa a, CONATEL angaje l pou akonpaye tout aktè yo ak mezi ki adapte e ki ka pèmèt aktivite telekominikasyon yo fèt libreman, jan lwa a prevwa l. Konkirans nan nouvo mache sa a pral regle pa nivo, fòs ak kalite regilasyon ki nesesè nan domèn nan. Regilatè a pral swiv regilyèman e avèk atansyon pozisyònman operatè sa yo pou garanti bon ekilib sektè a e asire l pa gen okenn siy monopòl ki ta ka soti nan nouvo konfigirasyon sa a.

Pèspektiv ak konklizyon

Si nou konsidere kapasite aktyèl ak potansyèl de operatè sa yo, DIGICEL/VOILA ak NATCOM, regilatè a prevwa nouvo okazyon sou mache a ni pou itilizatè yo ni pou operatè yo. CONATEL deja antisipe elan de operatè sa yo, ak menm zam, ka bay anviwònman konkirans lan, ki pral pèmèt Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) yo akselere pwosesis modènizasyon ekonomik Ayiti e entegre tout sitwayen yo nan sosyete enfòmasyon an yon fason amonye.