Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Visite du DG du Ministère de la justice au CONATEL

Nan kad misyon li, ki se sipòte tout aktivite ak pwojè ki gen rapò ak devlopman e bon fonksyònman Leta a, DG CONATEL la...

Nan kad misyon li, ki se sipòte tout aktivite ak pwojè ki gen rapò ak devlopman e bon fonksyònman Leta a, DG CONATEL la, enjenyè Jean David RODNEY, te resevwa lendi 28 out sa a kòlèg li nan ministè Lajistis, Doktè Jean Claudy PIERRE. Rankont sa a te gen 2 gwo objektif. Konsepsyon ak elaborasyon ansanm yon pwojè E-jistis ki pral apiye, yon bò, sou posiblite aplikasyon Ministè a deja genyen, e, yon lòt bò, sou sipò teknolojik ak enfrastrikti CONATEL. Pwojè sa a pa sèlman pral ranfòse efò ministè lajistis pou fè aparèy jidisyè a pi pèfòman, men sitou li pral ranpli kèk twou enstitisyon sa a ap soufri depi lontan, tankou ka detansyon pwolonje yo ki rele anmwe.

Diskisyon travay sa a te yon okazyon tou pou Direktè Jeneral Ministè a bay repons sou korespondans CONATEL te voye ba li sou pwoblèm Ensekirite èzyèn. Se yon delit piratay frekans radyo ki depase limit e ki mande yon efò komen ant de enstitisyon yo pou rezoud li. Yo pa t manke pale de diferan konsekans grav aksyon sa yo ta ka genyen sou navigasyon ayewonotik ak gwo penalite peyi a an jeneral ta ka sibi si sekirite enfrastrikti ayewopò li yo ta degrade.

DG CONATEL ak DG ministè lajistis la pwomèt pou yo travay an kolaborasyon sere nan yon angajman ki solid e mityèl pou pote solisyon pou diferan pwoblèm enstitisyon sa yo ap fè fas, chak nan domèn aktivite pa l.

Kidonk, se yon bon kòmansman, ki ale depi nan ranfòsman ministè lajistis rive nan amelyorasyon kalite sèvis ak enfrastrikti teknolojik peyi a. Vre, yo prevwa lòt rankont travay nan kad kolaborasyon sa a.