Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Une vingtaine de jeunes du département du Sud formés en réparation de téléphones cellulaires

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) te fèmen, jedi 29 desanm 2016, nan otèl Mimosa Tòbèk, yon atelye fòmasyon nan reparasyon telefòn selilè.

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) te fèmen, jedi 29 desanm 2016, nan otèl Mimosa Tòbèk, yon atelye fòmasyon nan reparasyon telefòn selilè. Pa mwens pase 25 jèn te resevwa chak, nan men direktè jeneral Conatel la, Jean Marie Altéma, ak chèf kabinè Majistra Vil Okay la, Guy Astrel Joseph, yon sètifika patisipasyon ak yon kit zouti reparasyon. Lè l t ap pale nan seremoni an, Msye Joseph fè lwanj inisyativ la e li fè ressòti enpak fòmasyon sa a nan nivo rejyon an. Reprezantan meri a swete pou yo òganize nouvo sesyon pou yon pi gwo patisipasyon jenès depatman an. Lè l t ap fèmen seremoni remiz sètifika yo, nimewo 1 Conatel la ankouraje patisipan yo kiltive sans pataj lè yo mete konesans yo fèk aprann yo nan sèvis kanmarad yo. « Plis ou bay, plis ou resevwa », se fòmil Msye Altéma preskri, li pa t manke raple patisipan yo gen gwo okazyon k ap tann yo, pandan l ap envite yo mete tèt yo ansanm pou kreye pwòp biznis pa yo. Seri atelye fòmasyon sa yo se yon siksè si nou gade enterè patisipan yo montre. Yo te montre anpil dinamis e patisipasyon aktif yo ankouraje nou ale pi lwen toujou, Jocelyn Revange, youn nan fòmatè yo, konfye.