-1800x1200.jpg&w=3840&q=75)
Siyati elektwonik : yon gwo pa pi devan pou sosyete ayisyen an. Leta ayisyen an kontinye tranzisyon l nan nimerik. Apre yon atelye ki te òganize 4 ak 5 jen 2025 nan otèl El Rancho, otorite ayisyen yo...
Siyati elektwonik : yon gwo pa pi devan pou sosyete ayisyen an. Leta ayisyen an kontinye tranzisyon l nan nimerik. Apre yon atelye ki te òganize 4 ak 5 jen 2025 nan otèl El Rancho, otorite ayisyen yo enfòme direktè ak kad administrasyon piblik ayisyen an sou dènye pwogrè pwojè mizanplas siyati elektwonik la. Aktivite sa a, Direksyon jeneral Ògàn egzekitif Konsèy nasyonal telekominikasyon (CONATEL) ak Enstiti ayisyen estatistik ak enfòmatik (IHSI) te òganize ansanm, ak sipò Bank entèameriken pou devlopman (BID), te pèmèt kontinye dyalòg ant enstitisyon yo sou defi ak okazyon ki gen rapò ak aplikasyon siyati elektwonik la.
Lwa 14 fevriye 2017 la ak tèks aplikasyon l yo ankadre l sou plan jiridik ; siyati elektwonik la se plis pase yon senp zouti teknik : li reflete yon volonte politik pou modènize, sekirize e fè aksyon piblik la pi transparan. Devan lanteur administratif ak konpleksite pwosedi yo, li enpoze l kòm yon levye esansyèl, paske l redwi delè tretman yo, depans administratif yo e li favorize enklizyon nimerik sou tout teritwa a.
Direktè Jeneral CONATEL la, Msye Huguens PREVILON, wè nan adopsyon siyati elektwonik la yon angajman fò Leta pou yon sèvis piblik ki pi efikas, pi transparan e pi aksesib. Pou pati pa l, Direktè Jeneral IHSI a, Msye Wilson FIEVRE, souliye enpòtans pou etabli yon fèy wout komen, ki konfòm ak estanda entènasyonal yo pandan l ap konsidere reyalite lokal yo. Enstitisyon ki te patisipe yo eksprime volonte yo pou ranfòse kolaborasyon ant enstitisyon yo pou asire transfòmasyon sa a reyisi. Atelye a te pèmèt poze baz yon gouvènans nimerik ki pi solid, ki vire gade lavni ak bezwen reyèl sitwayen yo, antrepriz yo ak patnè entènasyonal yo. Inisyativ sa a make yon etap detèminan nan modènizasyon administrasyon piblik ayisyen an, paske l ap fè l pi ajil, pi konekte e pi rezilyan.

