
Soti 18 rive 19 jen 2012, nan Karibe Convention Center, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize yon "Atelye travay ak Kolektivite teritoryal yo" sou enpak TIC yo nan ekonomi ayisyen an.
"Entegrasyon sistematik TIC yo nan espas ekonomik la se youn nan wout ki pi sèten e ki pi rapid ki ka mennen nan ranfòsman sosyo-ekonomik Ayiti", Jean Marie Guillaume, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), te deklare pandan prezantasyon Nouvo Ajanda CONATEL la pou fè sektè kominikasyon elektwonik yo jwe wòl motè yo nèt nan ekonomi an e kontribye nan reyalizasyon vizyon Gouvènman an pou mete Ayiti nan ran peyi emèjan yo daprezan rive 2030.
Soti 18 rive 19 jen 2012, nan Karibe Convention Center, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize yon "Atelye travay ak Kolektivite teritoryal yo" sou enpak TIC yo nan ekonomi ayisyen an. Prezantasyon ak echanj te fèt ak majistra yo sou bezwen ak okazyon kolektivite teritoryal yo genyen nan Teknoloji enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC), nan kad elaborasyon avan-pwojè lwa sou kominikasyon elektwonik yo "TIC : Yon veyikil kwasans nan direksyon 2030".
Pou premye Jounen an, Jean-Marie Guillaume, Direktè Jeneral CONATEL, ak Enjenyè Jean Jacques Rousseau, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, te fè ouvèti atelye travay sa a.
Yo te prezante anpil sijè ak konsèp tou pandan atelye sa a : "TIC, Telekominikasyon ak kolektivite teritoryal ; okazyon ak enjeu ; Konsèp Broadband ak rezo santral ; Konsèp kad legal ak regilasyon nan TIC ak telekominikasyon ; Sèvis Inivèsèl, Amenajman nimerik teritwa a ak ekonomi nimerik nan kolektivite teritoryal yo ; Etid ka : simulasyon elaborasyon chema direktè, apre sa atelye tematik pou anrichi avan-pwojè lwa a".
Nan aswè menm jounen 18 Jen 2012 sa a, nan Karibe Convention Center, vè 6è30 diswa, te gen yon dine-konferans kote Direktè Jeneral Conatel la te mete aksan sou regilasyon sektè kominikasyon yo ak demokratizasyon sèvis yo. "Entegrasyon sistematik TIC yo nan espas ekonomik la se youn nan wout ki pi sèten e ki pi rapid ki ka mennen nan ranfòsman sosyo-ekonomik Ayiti", Msye Guillaume deklare.
Pou pati pa l, Premye minis Laurent Salvador Lamothe, nan yon diskou pou okazyon an, raple angajman gouvènman l lan pou ranfòse sektè telekominikasyon an pou yon pi bon entegrasyon Ayiti. "Gras ak yon pi bon kontwòl ak yon pi bon jesyon, plis pase yon milyon timoun lekòl jodi a", Premye minis Lamothe souliye ; li kwè devlopman sektè a an lòd ka bay plis moun travay nan peyi a e pèmèt Leta reponn bezwen sosyal popilasyon ayisyen an.

