“Klòstè” telekominikasyon ijans lan te fè 1ye reyinyon plenyè li 11 oktòb 2016 nan katye jeneral Minustah nan Pòtoprens. Reyinyon an te gen pou objektif egzamine e evalye premye aktivite ak estrateji yo te aplike pou reponn destriksyon kèk enfrastrikti telekominikasyon nan depatman Sid, Nip ak Grandans, apre pasaj siklòn Matthew.

Patisipan yo, youn apre lòt, te ekspoze mezi entèvansyon yo sou teren an e yo te fè yon rapò sou gwo efò yo te fè pou fè fas ak gwosè katastwòf sa a. Jodi a, travay yo deja byen avanse sou retablisman kominikasyon pa operatè lokal yo, e ekip yo mobilize an pèmanans ; sa ki se yon vrè soulajman pou popilasyon ki viktim nan rejyon sa yo, e ki fasilite travay òganizasyon ki sou plas yo.
Kòm premye entèvenan nan “Klòstè” Telekom Ijans lan, Conatel antre nèt nan mekanis nasyonal ak rejyonal pou reponn ak dezas. Pandan reyinyon an, direktè jeneral la, Jean Marie Altéma, te fè konnen klèman premye demach yo te fè pou mete konpetans ak eksperyans enstitisyon l lan nan sèvis òganis ki ap reponn ijans lan ki mobilize sou kriz sa a (gouvènman ak ONG), pou pèmèt yon efikasite ak yon kowòdinasyon optimal estrikti lokal yo nan domèn telekominikasyon ijans.
Klòstè Telekominikasyon Ijans lan se yon rezo mondyal òganizasyon, ki fòme ak ajans Nasyonzini, enstitisyon imanitè ak operatè telekom, k ap travay ansanm pou bay sèvis kominikasyon ijans lè gen katastwòf.