
Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, te patisipe lendi 30 oktòb 2023 sa a nan ouvèti de jou fòmasyon pou Jounalis sou tèm : Repòtaj nan zòn danjere...
Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, te patisipe lendi 30 oktòb 2023 sa a nan ouvèti de jou fòmasyon pou Jounalis sou tèm : Repòtaj nan zòn danjere : Fòme Jounalis yo pou sove lavi. Atelye sa a te fèt nan Otèl Karibe sou inisyativ UNESCO, an mak jounen entènasyonal pou komemore Jounalis ki tonbe viktim pandan y ap fè travay yo, 2 novanm k ap vini an. Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, lè l pran lapawòl, fè pwen sou diferan chantye CONATEL yo : migrasyon televizyon analojik la nan nimerik an patikilye, e li enfòme jounalis ki te nan sal la CONATEL kreye yon selil refleksyon pou medya anliy ki difize enfòmasyon san yo pa itilize spèk radyodifizyon peyi a.

