Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
NOTE DE RAPPEL 8 novembre 2019

Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), otorite regilasyon nan domèn telekominikasyon dapre atik 6 dekrè 10 jen 1987 la ki redefini misyon CONATEL...

Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), otorite regilasyon nan domèn telekominikasyon dapre atik 6 dekrè 10 jen 1987 la ki redefini misyon CONATEL, konstate kèk estasyon radyodifizyon, ki meprize dispozisyon dekrè 12 oktòb 1977 la ki bay Leta Ayisyen Monopòl sèvis telekominikasyon yo, ap itilize kominikasyon radyo pou ankouraje vyolans, rayisman ak rejè jan nou viv ansanm. Sa lakòz reyalite ki danjere pou lapè sosyal, enfraksyon ak krim Kòd Penal la pini, tankou :

  • ka yon minibis yo te boule ak yon engen eksplozif atizanal ak pasaje pezib li yo ki tounen tòch imen,
  • mechanste ak santiman enpinite total diskou radyo ki pa akseptab nan okenn sosyete sivilize e nan okenn Eta dedwa lakòz,
  • gwo konsekans akseptasyon iresponsab pwopagasyon rayisman ak vyolans.

Se poutèt sa CONATEL mande tout operatè sèvis radyodifizyon yo pou :

  1. Kontinye demach kreyasyon yon Eta demokratik e dedwa nan respè lwa yo.
  2. Sispann tout ankourajman vyolans ak rayisman, yon krim Kòd Penal la sanksyone, yon demach ki pa mache ak valè ak prensip fondamantal nasyon nou an.
  3. Veye pou yo pa difize an dirèk sèn vyolans ekstrèm nan lè anpil moun ap koute pou pwoteje minè yo.

Si se pa sa, Ògàn Egzekitif CONATEL la pral oblije aplike dispozisyon atik 139 alinea c dekrè 12 oktòb 1977 la : […] lè enfraksyon an komèt atravè yon sèvis radyodifizyon, sanksyon an frape konsesyonè a, pèsonèl ki konsène a oswa moun ki asire eksplwatasyon an yon fason regilye oswa okazyonèl, selon ka a ; sanksyon an ka pwogresif e rive jouk anilasyon konsesyon an pou titilè a, sispansyon pou dezan pou pèsonèl la, ak yon amann pou patisipan yo dapre lwa ak règleman yo.

Léon Jean-Marie GUILLAUME

Direktè Jeneral