Kòm li enkyete anpil pou anpil plent ki soti nan men paran ki gen rezon pou yo pè devan difizyon - nan lè anpil moun ap gade - fim pònografik sou kèk chèn televizyon, Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) raple jeran medya sa yo gen yon akt regleman ki trete sanksyon ki prevwa nan ka konsa.

Desizyon Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an (# OE-CNT-DEC-20130002), ki pibliye nan jounal « Le Moniteur » mèkredi 7 out 2013, egzije an rezime :
- Premyèman, pou okenn estasyon radyodifizyon pa difize, ant 5è30 dimaten ak 10è30 diswa, pwogram ki gen kontni ki ta entèdi pou moun ki gen mwens pase 17 an k ap koute oswa k ap gade san yon paran oswa yon titè.
- Dezyèmman, pwogram ki gen kontni ki ta entèdi pou moun ki gen mwens pase 17 an k ap koute oswa k ap gade, menm ak yon paran oswa yon titè, entèdi nèt an ond klè.
Ògàn Egzekitif CONATEL la mande tout pwopriyetè radyo ak televizyon pou yo li oswa reli « Akt regleman » sa a, ki fè referans ak yon sistèm « klasifikasyon » tout mond lan konnen pou evalye kontni pwogram yo.