Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Note d'information relative à la rencontre avec les représentants de l'ANMH

Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) enfòme piblik la an jeneral ak operatè radyodifizyon yo...

Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) enfòme piblik la an jeneral ak operatè radyodifizyon yo an patikilye Direktè Jeneral la, Msye Jean Marie ALTEMA, te rankontre Mèkredi 8 fevriye reprezantan ANMH yo (Msye Hérold JEAN-FRANCOIS ak Msye Robert DENIS) sou sitiyasyon radyodifizyon an Ayiti.

Yo te abòde sijè sa yo :

Selebrasyon jounen mondyal radyodifizyon, 13 fevriye ; Pwopozisyon pou nòmalize estasyon radyodifizyon ki an sitiyasyon iregilye ; Pwojè pilòt televizyon nimerik. Rankont lan te fèt nan yon atmosfè kòdyal anpil. Direktè Jeneral la angaje l pou l envite ANMH vizite enstalasyon chèn pilòt Televizyon Nimerik la (Chèn 10).

Jean Marie ALTEMA

Direktè Jeneral