
Devan anpil pèsonalite Leta, sektè telekominikasyon, sosyete sivil, sektè pwotestan, ansyen direktè jeneral ak anplwaye CONATEL, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Enj.
Devan anpil pèsonalite Leta, sektè telekominikasyon, sosyete sivil, sektè pwotestan, ansyen direktè jeneral ak anplwaye CONATEL, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Enj. Rosemond PRADEL, te enstale 21yèm Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon CONATEL, Lendi 13 fevriye 2023 sa a. Nan diskou li pou okazyon an, Minis la envite asistans lan bay ansyen Direktè Jeneral la, Msye Léon Jean-Marie GUILLAUMME, ki te mouri 16 janvye ki sot pase a, yon dènye omaj ak yon minit silans.
Sektè Telekominikasyon an pou kont li reprezante 25% asyèt fiskal ayisyen an, pi presizeman 24,7% pou ane fiskal ki sot pase a, Minis la endike nan diskou li. Li ankouraje nouvo Direktè Jeneral la, Msye Joses JEAN BAPTISTE, pou l pran tout dispozisyon pou radyodifizyon an ka, jan tèks yo prevwa l, ranpli misyon sèvis piblik li e akonpaye devlopman sosyo-ekonomik peyi a. Anplis, li mande nouvo Direktè Jeneral la pran mezi sou kontwòl kalite sèvis, kontwòl trafik, vwa ak done, ak entèferans radyoelektrik yo.
Pou pati pa l, Nouvo Direktè Jeneral la pwomèt pou l ranfòse kapasite teknik CONATEL, pou l ka jwe wòl regilatè avangadis li ak yon jesyon sere resous ki esansyèl pou deplwaman enfrastrikti operatè yo ak kalite sèvis ki nesesè a.
Li anonse relans chantye tranzisyon nimerik la pou pèmèt sou-sektè radyodifizyon an benefisye avantaj dividann nimerik la.
CONATEL te anboche l kòm Enjenyè nan ane 1990 yo ; Msye Joses JEAN BAPTISTE monte tout eskalye yo pou jodi a li pran destine enstitisyon an nan men l. Kòm Direktè Jeneral, li envite chak manm pèsonèl la, depi pi piti rive pi gwo, pou yo mete yo nan travay touswit apre li fin mande Bondye èd pou reyalize objektif li yo.

