
Jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an
Nan kad jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) reyafime volonte l pou l aliyen l ak ajanda entènasyonal sektè a e akonpaye aktè endistri teknolojik an Ayiti pou devlopman ekonomik ak sosyal.
Nou nan epòk inovasyon. An 2000, Ayiti te gen 20 mil itilizatè ki konekte ak Entènèt. Jodi a, an 2016, nou plis pase 1.4 milyon sitwayèn ak sitwayen ki gen aksè ak zouti revolisyonè sa a. Plis pase mwatye popilasyon an gen aksè ak yon telefòn selilè e apeprè 1 milyon gen yon telefòn entelijan. Zouti yo pi a pòte jèn nou yo, alòske dilèm nan rele anmwe : sitiyasyon ekonomik ak sosyal popilasyon an pa amelyore anpil. Se kontrè a toupatou kote zouti sa yo aksesib. TIC yo jwe yon wòl enpòtan nan devlopman ekonomik ak sosyal.
Jounen selebrasyon sa a pouse nou reflechi sou wòl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo nan devlopman ekonomik ak sosyal peyi a. Definisyon yon politik piblik ak chwa regilasyon sektè a dwe amonize pou favorize devlopman sektè a, ankouraje inovasyon nan mitan jèn yo ak devlopman nouvo sèvis ki reponn bezwen kominote a.
Kad legal la dwe ranfòse, nouvo enfrastrikti dwe deplwaye e nouvo sèvis dwe kreye. Se anpil defi pou simonte. Tout kouch popilasyon an dwe gen aksè ak sosyete enfòmasyon an e efò tout eleman ekosistèm sa a dwe konvèje nan devlopman sèvis inovatè pou kreye richès.
Aksè ak teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo enperatif pou efikasite jesyon ti ak mwayen antrepriz yo, ki reprezante plis pase 90% antrepriz yo kreye atravè mond lan. Solisyon yo dwe atake vrè pwoblèm sosyete nou an : Edikasyon - Enèji - Agrikilti - Sante, elatriye... Teknoloji yo ka ede devlopman tout lòt sektè yo pou garanti devlopman sosyo-ekonomik dirab.
Kòm Ògàn regilasyon sektè telekominikasyon an Ayiti, Conatel gen entansyon jwe wòl li nèt pou sektè sa a fleri sou plan ekonomik ak sosyal pou byen tout popilasyon an. Direksyon jeneral Enstitisyon an ap travay pou amelyore kalite sèvis pou popilasyon an, pou l koute konsomatè yo. Yo pral kreye yon selil pwoteksyon konsomatè nan jou 17 me sa a e yo pral lanse salon ekonomi nimerik ak inovasyon an pou ankouraje inovasyon nimerik nan mitan jèn yo.
Conatel ta renmen, nan yon kad global, ansanm ak sektè prive a, sosyete sivil la, inivèsite a, travay pou amelyore kondisyon ekonomik ak sosyal atravè okazyon zouti teknolojik yo ofri.
Jean Marie ALTEMA
Direktè Jeneral
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon

