Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Message du CONATEL aux parties prenantes du secteur des Télécommunications et TIC 3 janvier 2024

Nan peryòd refleksyon sou sa yo reyalize pandan ane ki sot pase a, CONATEL vle eksprime gwo rekonesans li anvè tout pati ki konsène yo, an patikilye operatè ak founisè sèvis Telekominikasyon yo. Nivo angajman ak kolaborasyon an te esansyèl pou aktivite regilasyon telekominikasyon an Ayiti.

Nan kòmansman ane 2024 sa a, ki make 220 an Endepandans Nasyonal, CONATEL deja ap antisipe ak antouzyasm yon ajanda TIC ak ekonomi nimerik ki chaje ak defi enteresan : migrasyon nan televizyon nimerik, sibèsekirite, aplikasyon siyati elektwonik, amelyorasyon aksè ak gwo debi, amelyorasyon kalite sèvis pou kliyan yo, elatriye.

Domèn sa yo rete nan kè vizyon Gouvènman an pou yon avni nimerik ki an sekirite e ki favorab pou tout moun. Ansanm, nou dwe kontinye ankouraje pi wo nòm nan kalite sèvis, sekirite ak efikasite ki ka asire konfyans itilizatè yo ak tout aktè sektè nou an.

Malgre pwoblèm sekirite yo, detèminasyon ak volonte pou travay ansanm pou devlopman sektè telekominikasyon ak TIC yo nan tout peyi a rete pou CONATEL prensipal sous enspirasyon angajman l ak siksè k ap vini yo. Mizanplas komite swivi pou rezilyans rezo telekominikasyon yo se yon egzanp pafè.

Nan non tout pèsonèl CONATEL la, e nan pwòp non pa m, Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an swete tout founisè ak konsomatè sèvis Telekominikasyon ak TIC an Ayiti yon ane 2024 ki bay anpil fwi pou tout moun !