Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Ministère de la Communication reçoit le Directeur Général du CONATEL

Pou 14yèm emisyon pwogram chak semèn « Lendi Laprès », Ministè Kominikasyon te resevwa, lendi 11 septanm 2017 sa a, nan lokal li, Msye Jean David Rodney, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL)...

Pòtoprens, 11 septanm 2017.- Pou 14yèm emisyon pwogram chak semèn « Lendi Laprès », Ministè Kominikasyon te resevwa, lendi 11 septanm 2017 sa a, nan lokal li, Msye Jean David Rodney, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), ki te fè pwen sou misyon enstitisyon an ak tout aktivite nouvo ekip direksyon an antreprann.

CONATEL, ki pral selebre 48yèm anivèsè li 27 septanm k ap vini an, se yon òganis otonòm ki gen misyon pou regle sistèm telekominikasyon nan peyi a. Li asire abitraj sèvis telekominikasyon yo, pwoteksyon dwa twazyèm pati yo ak reprezantasyon Leta Ayisyen sou plan entènasyonal bò kote Inyon Entènasyonal Telekominikasyon. Li responsab tou pou pwopoze Leta Ayisyen yon politik nan domèn telekominikasyon.

Nouvo ekip direksyon sa a angaje l pou amelyore kalite sistèm telekominikasyon peyi a atravè yon plan aksyon ki defini an senk gwo aks :

  • yon refòm jiridik ak regleman sektè a
  • konsolidasyon enfrastrikti telekominikasyon yo
  • ekipman pou fasilite amenajman nimerik teritwa a
  • fòmasyon pou devlopman kapasite nan telekominikasyon
  • pozisyònman Ayiti nan anviwònman entènèt la.

Nouvo ekip ki nan tèt CONATEL la bay tèt li kòm objektif, pami lòt bagay, bay enstitisyon an nouvo lwa, rive gen nouvo enfrastrikti pou yon bon kalite kominikasyon, ekipe tout kolektivite yo ak telesant nimerik e akonpaye Administrasyon Piblik la pou nimerize dokiman yo.

Anplis, an previzyon pasaj siklòn Irma, CONATEL te òganize, ansanm ak Direksyon Pwoteksyon Sivil, yon atelye fòmasyon sou kominikasyon ijans ak responsab medya yo ak operatè telefoni mobil yo. Sou demann Gouvènman an, yo te mete telefòn satelit a dispozisyon Sant Kòmandman an ak sant operasyon ijans yo pou asire kominikasyon an.

Kòm li konsyan enpòtans telekominikasyon nan transfòmasyon ekonomik ak sosyal yon peyi, Prezidan Repiblik la, S.E.M. Jovenel Moïse, vle kreye yon anviwònman ki favorab pou devlopman telekominikasyon ak NTIC yo an Ayiti, sa ki antre nan vizyon li pou travay pou devlopman sosyo-ekonomik peyi a.