Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Directeur Général du CONATEL invité à l’émission Panel Magik

Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enj. Joses JEAN BAPTISTE, te reponn kesyon jounalis Jean Daniel SENAT, Robenson GEFFRARD ak Roberson ALPHONSE nan Panel Magik Radyo Magik 9, 29 me 2024.

Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enj. Joses JEAN BAPTISTE, te reponn kesyon jounalis Jean Daniel SENAT, Robenson GEFFRARD ak Roberson ALPHONSE nan Panel Magik Radyo Magik 9, 29 me 2024. Rankont Msye JEAN BAPTISTE ak direktè jeneral youn nan operatè telefoni mobil yo, 17 me ki sot pase a, sou aplikasyon sikilè 31 me 2022 la, te pwen santral emisyon an.

Dapre atik 1 sikilè sa a, tout kreyasyon oswa modifikasyon tarif sèvis telekominikasyon dwe soumèt bay CONATEL pou non-objeksyon omwen uit jou fran anvan yo aplike l.

Yo te abòde tou kesyon sou kalite sèvis operatè yo bay, rezilyans rezo yo ak enfrastrikti Telekominikasyon yo, idantifikasyon itilizatè kat SIM yo. DG CONATEL la pwofite pou l prezante chantye administrasyon l ap travay sou yo, tankou sibèsekirite, siyati elektwonik ak regilasyon rezo sosyal yo, pami lòt.