Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL rencontre les notables d'Aquin et de Petit-Goâve

Bò sid, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) make de bon pwen nan kad kanpay sansibilizasyon li, ki vize enfòme tout popilasyon an sou divès aspè tranzisyon nan Televizyon nimerik.

Bò sid, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) make de bon pwen nan kad kanpay sansibilizasyon li, ki vize enfòme tout popilasyon an sou divès aspè tranzisyon nan Televizyon nimerik.

Ekip Kominikasyon ak Relasyon Piblik CONATEL la te Aken (Depatman Sid) ak Ti Gwav (Depatman Lwès), mèkredi 12 ak jedi 13 novanm 2014, pou kat gwo prezantasyon pou diferan kategori notab vil sa yo.

Nan de ka yo, se te pou ekonomis Rose Nesmy SAINT-LOUIS, ki se espesyalis nan Kominikasyon tou, fè yon prezantasyon sou ‘’Planifikasyon Tranzisyon Nimerik la’’. Chak fwa, entèvansyon an te swiv pa yon gwo mizanplas kontèks, avèk, natirèlman, yon pakèt egzanp tranzisyon yo pran nan tan lontan.

Pandan li t ap pase sou tout pwen sijè a, konferansye SAINT-LOUIS te pran swen, avèk anpil pedagoji, pou l eklere ‘’kisa ak poukisa’’ tranzisyon yo anonse a.

Kanta pou Enjenyè Jean Claudy BALAN, Direktè Resous Ra nan CONATEL, li te trete ‘’kòman’’ kesyon an, sa vle di tout sa ki pral pèmèt pasaj televizyon analojik la nan televizyon nimerik la reyisi.

Nan vil Julien Raimond tankou nan vil Faustin Soulouque, dezyèm konferansye a te pran tan pou l bay tout eksplikasyon ak detay ki nesesè pou moun konprann nouvo epòk teknolojik sa a nèt. Avèk yon vwa klè, Enjenyè BALAN montre li se yon bon gid pou notab sa yo, ki te jwe wòl elit yo byen ak kalite apresyasyon yo ak kalite anpil kesyon yo te poze.

Ann note kanmenm plis pase katreven (80) pèsonalite te asiste konferans-deba ‘’Karavàn Tranzisyon‘’ CONATEL la te anime yo.