
Sou envitasyon UNESCO, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te patisipe nan yon atelye refleksyon pou jounalis ak travayè laprès sou tèm : « Ranfòse koperasyon nasyonal ak entènasyonal pou sekirite jounalis yo an Ayiti », Mèkredi 18 Desanm 2019 sa a nan Otèl le Plaza.
Devan plizyè patisipan ak gwo pèsonalite, tankou : prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH), Direktris Dwa Moun (BINUH), chèf koperasyon Anbasad Kanada, konseye Zafè Piblik Anbasad Etazini, reprezantan Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon CONATEL, Msye André Lubin, Direktè Direksyon Radyodifizyon, nan pawòl li pou okazyon an, salye kouraj jounalis ki fè metye yo ak pwofesyonalis e ki konsa kontribye pou moun viv pi byen an Ayiti. Li regrèt e li kondane fèmman zak ensekirite jounalis yo sibi pandan y ap fè travay yo ; moun ki komèt yo fè pwosesis demokratik la vin fèb otan ke libète ekspresyon, li kontinye !
Pandan l ap raple CONATEL, kòm enstans regilasyon sektè telekominikasyon an, pa yon ògàn kontwòl laprès. Men youn nan atribisyon l se bay e regle konsesyon pou eksplwatasyon estasyon radyodifizyon yo, sa vle di sistèm telekominikasyon ki itilize resous ra yo ki se frekans radyoelektrik yo. Kòm sa, CONATEL gen yon gwo responsablite nan kondisyon yo etabli pou bon fonksyònman sèvis radyodifizyon yo e, kòm konsekans, pou egzèsis metye jounalis lè l fèt atravè lond yo oswa spèk èzyèn nan.
CONATEL ankouraje pou lòt atelye konsa fèt pou sansibilize plis sou travay jounalis yo nan yon kontèks ki tèlman difisil, ak risk pwofesyon an. Pwomosyon ak pwoteksyon libète ekspresyon, nan yon sosyete k ap mache ak difikilte nan direksyon demokrasi, se yon devwa sitwayen, yon devwa Leta.

