Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL offre un laboratoire informatique à la FDSE

CONATEL kontinye aksyon li pou demokratize aksè ak TIC yo. Direktè Jeneral li, Msye Jean Marie Altéma, te inogire, mèkredi 22 jen 2016, yon laboratwa enfòmatik...

CONATEL kontinye aksyon li pou demokratize aksè ak TIC yo. Direktè Jeneral li, Msye Jean Marie Altéma, te inogire, mèkredi 22 jen 2016, yon laboratwa enfòmatik enstitisyon an te bay Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) Pòtoprens.

Depi nan kablaj machin yo rive nan koneksyon entènèt, pase pa mèb yo, se yon vrè sant rechèch vityèl CONATEL ofri etidyan nan dwa ak syans ekonomik yo, pwofesè yo ak kad fakilte a, nan kad pwojè SCOLARITECH la.

Mèt Elie Méus, Dwayen FDSE, nan pawòl li pou okazyon an, felisite Msye Altéma ak ekip teknik CONATEL la pou rapidite yo te mete tout bagay an plas.

«Dekana a, pa vwa m, remèsye Direktè Jeneral CONATEL la pou tout efò l, volonte l, detèminasyon l pou fè laboratwa sa a fonksyone, li te kraze pandan tranblemanntè 12 janvye 2010 la, dat FDSE t apral selebre 150yèm anivèsè li », li konkli.

Pou pati pa l, Direktè Jeneral CONATEL la, Msye Jean Marie Altéma, raple « Nan vizyon nou kounye a, nou kwè teknoloji a dwe ede devlopman ekonomik ak sosyal ». Se yon fason pou di laboratwa enfòmatik sa a dwe tounen kontinyasyon natirèl kou yo ak bibliyotèk la, yon kote konesans sikile, yon espas emansipasyon ak ouvèti sou mond lan. An reyalite, se akonpaye fakilte a nan evolisyon pratik ansèyman li yo ki, dousman men sèten, dwe angaje sou chemen nimerizasyon.

Inogirasyon laboratwa sa a fè pati kontribisyon CONATEL nan devlopman sektè telekominikasyon an, kote demokratizasyon aksè ak nimerik la se yon konpozan esansyèl nan aspè misyon li sa a. Objektif la senp, Direktè Jeneral la souliye. Se bay pi gwo kantite etidyan ayisyen posib aksè ak Entènèt, ak teknoloji. Pou nouvo laboratwa enfòmatik sa a, SCOLARITECH te benefisye sipò NATCOM pou koneksyon entènèt la.