
CONATEL lanse ofisyèlman Kanpay Sansibilizasyon ak idantifikasyon Kat SIM yo an Ayiti.
Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), atravè Direktè Jeneral li, Msye Jean Marie Guillaume, lanse ofisyèlman kanpay sansibilizasyon ak idantifikasyon kat SIM yo sou tout teritwa nasyonal la, Madi 3 Novanm 2020 sa a, pandan yon pwen laprès. Kanpay la vini apre desizyon CONATEL pou egzije operatè yo idantifye kliyan yo. L ap fèt sou yon peryòd de mwa atravè peyi a. Objektif regilatè a se mete fen ak sikilasyon kat SIM ki pa idantifye sou teritwa nasyonal la. Operatè yo deja mete yon sistèm idantifikasyon an plas. Sistèm nan fòme ak yon aplikasyon telefòn ki sèvi pou pran foto kliyan an e anrejistre enfòmasyon ki sou kat idantifikasyon li. « Apre operatè a fin trete enfòmasyon yo, Kat SIM nan ap aktive nan inèdtan », Direktè Jeneral la eksplike.
Depi kounye a, yo p ap aktive kat SIM sou teritwa nasyonal la si yo pa idantifye nan baz done operatè yo.

