Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL lance la Karavan Tèk-Tèk dans le Sud

Ògàn egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) lanse mwa Out 2016 sa a yon kanpay sansibilizasyon otou yon pwojè yo rele : « Karavan Tèk-Tèk ».

Ògàn egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) lanse mwa Out 2016 sa a yon kanpay sansibilizasyon otou yon pwojè yo rele : « Karavan Tèk-Tèk ». Objektif la se pataje ak popilasyon an an jeneral, ak konsomatè sèvis telekominikasyon yo an patikilye, enfòmasyon sou wòl prensipal aktè sektè a, diferan teknoloji ak sèvis ki disponib an Ayiti ak pwosedi ki an vigè nan CONATEL.

Karavan Tèk-Tèk pral kòmanse nan Sid peyi a, sitou nan vil Okay, ak yon seri atelye ki pral dire 3 jou, soti 12 rive 14 Out 2016, pandan fèt chanpèt la.

Nan okazyon evènman sa a ki ka rasanble anpil moun ki divès, CONATEL, ansanm ak prensipal aktè sektè a, pral etabli yon pwen prezans. Reprezantan CONATEL ak Operatè telefoni mobil yo, DIGICEL ak NATCOM, pral disponib pou resevwa vizitè yo. Operatè yo pral ka pwofite espas sa a pou fè pwomosyon pwodwi yo ak fairplay san yo pa denigre konpetitè yo.

Aktivite sa a p ap sèl la, paske pwojè « Karavan Tèk-Tèk » vle elaji atravè dis depatman jewografik peyi a.