
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) ak Radio Club d’Haïti (RCH) te lanse ansanm lendi 2 jiyè 2023 nan lokal CONATEL yon seyans fòmasyon ...
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) ak Radio Club d’Haïti (RCH) te lanse ansanm lendi 2 jiyè 2023 nan lokal CONATEL yon seyans fòmasyon pou Enjenyè ak jèn kad CONATEL yo sou aprantisaj alfabè morse ak teknik pou itilize ekipman Radyo Amatè. Lansman aktivite sa a vini apre pwotokòl dakò CONATEL ak RCH te siyen 26 mas 2023. Se Direktè Jeneral CONATEL la ak Prezidan Radio Club d’Haïti (RCH) ki paraf pwotokòl dakò a.
Objektif fòmasyon 90 jou sa a se ekipe nouvo Radyo Amatè pou peyi a sou plan pwofesyonèl. Yon ventèn anplwaye CONATEL te patisipe nan fòmasyon sa a pou ranfòse gwoup Radyo Amatè ki egziste nan peyi a. Nan okazyon an, de entèvenan yo, sa vle di Msye Jean Robert GAILLARD ak Msye Pierrick MADSEN, te mete anpil aksan sou aprantisaj alfabè Morse kòm baz langaj Radyo Amatè yo.
Yo raple tou se yon zouti sèvis piblik moun pa konnen anpil, enpòtans li pou kominote a parèt sitou lè gen katastwòf natirèl.

