Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL et l’UNESCO ont célébré la Journée Mondiale de la Télévision

Reprezantan Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO), Msye Kadhim SYLLA, raple youn nan misyon Òganizasyon an se...

21 novanm se dat yo chwazi pou selebre Jounen Mondyal Televizyon. Ane sa a, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon CONATEL ak Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) mete tèt ansanm pou òganize yon atelye sou tèm : « Akselerasyon nimerik ak devlopman medya odyovizyèl yo », ki te gen objektif prezante kote pwosesis Tranzisyon Televizyon Analojik la nan Nimerik rive.

Reprezantan Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO), Msye Kadhim SYLLA, raple youn nan misyon Òganizasyon an se favorize lib sikilasyon lide, pa sèlman pa mo, men tou pa imaj. Li reyafime tou sipò li pou aksyon CONATEL ki vize konplete pwosesis tranzisyon televizyon analojik la nan nimerik. Li eksprime espwa, nan fen atelye sa a ki te rasanble tout aktè yo, yo pral bay rekòmandasyon ki bon kalite, ki pral pèmèt defini estrateji pou devlopman kontni odyovizyèl.

Pou pati pa l, Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, fè istorik gwo moman televizyon an Ayiti, e li reyafime volonte l pou konplete pwosesis tranzisyon an, ki se yon nesesite pou Ayiti. Li bay presizyon tou sou faz planifikasyon tranzisyon an ki byen avanse. Anplis, li eksplike yo deja idantifye eleman esansyèl pou deplwaman enfrastrikti odyovizyèl yo. Sepandan, li swete pou yo soumèt solisyon bay gouvènman an pi vit posib pou desizyon final la. « Mwen envite tout aktè ki la a pou yon kolaborasyon fran pou nou bay rezilta konkrè », li konkli.

Pou pati pa l, Enjenyè Jean Marie MAIGNAN, ki te reprezante Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon nan atelye sa a, deklare nan entèvansyon li « Anplis li se yon mwayen divètisman, televizyon an jwe yon vrè wòl kòm vektè edikasyon ki ofri yon platfòm ideyal pou anrichi konesans, lè l reveye kiryozite entelektyèl ». Konsa, li plede pou mete an plas mekanis ki ankouraje, ki ka fasilite devlopman kontni nasyonal ki pètinan pou byen telespektatè yo. Msye MAIGNAN envite CONATEL tou pou l pran tout dispozisyon ki nesesè pou kontinye e konkli pwosesis tranzisyon televizyon analojik la nan televizyon nimerik, e li lanse yon apèl bay tout aktè sektè a pou yon kolaborasyon fran pou rive nan objektif la.

Pandan atelye sa a sou Tranzisyon nan Nimerik, de panèl ki te fòme ak kad CONATEL, Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, ak responsab medya te anime diskisyon yo. Premye a, ak prezantasyon de kad CONATEL : Enjenyè Jean Claudy BALAN ak Alexandre Michelet ROMULUS, te prezante kote pwosesis migrasyon televizyon nimerik tèrès an Ayiti rive ak aspè teknik tranzisyon an. Dezyèm panèl la, ak Enjenyè Jean Marie MAIGNAN, Mèt Osner FEVRY ak Msye Robert DENIS, Prezidan Asosyasyon Medya Ayisyen (ANMH), te trete aspè politik, regleman ak jiridik tranzisyon an. Entèvenan sa yo te abòde tou kadraj kontni odyovizyèl nan kontèks nimerik la, defi ak avantaj sosyo-ekonomik pasaj soti nan analojik al nan nimerik.