Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL et INDOTEL ont signé un protocole d’accord pour résoudre les problèmes d’interférence au niveau des frontières haïtiano-dominicaine

Nan tèt yon delegasyon Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Direktè Jeneral la, Msye Léon Jean Marie Guillaume, te siyen yon pwotokòl dakò ak kòlèg dominiken li...

Nan tèt yon delegasyon Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Direktè Jeneral la, Msye Léon Jean Marie Guillaume, te siyen yon pwotokòl dakò ak kòlèg dominiken li, Msye Nelson Arroyo Perdomo, Prezidan Enstiti Dominiken Telekominikasyon (INDOTEL), vandredi 16 avril 2021 sa a, nan katye jeneral Indotel nan Repiblik vwazen an.

Pandan seremoni siyati a, Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif CONATEL la deklare : « Akò sa a pa sèlman fasilite koperasyon bilateral ant de peyi nou yo nan domèn telekominikasyon, men anplis li bay ton an pou yon bon relasyon travay ant de regilatè yo ».

Pou pati pa l, Prezidan INDOTEL la, Msye Perdomo, felisite Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif CONATEL la, Msye GUILLAUME, pou angajman l, e li di li reyafime volonte l pou respekte akò sa a pou rezoud pwoblèm entèferans ki fè tò e ki afekte operatè de bò fwontyè a, pa sèlman nan radyodifizyon men tou nan telefoni mobil.

Siyati pwotokòl dakò sa a dwe pèmèt CONATEL ak INDOTEL travay ansanm pa sèlman pou rezoud pwoblèm entèferans radyo yo jwenn sou tout longè fwontyè a, men tou, kòm konsekans, pou atake gwo seri pwoblèm oswa kontansye ki ap bloke rezo telekominikasyon Zile a, sitou sa ki an Ayiti. Depi kounye a, de regilatè yo dakò pou ;

Asire e garanti estasyon k ap emèt yo (radyodifizyon, telefoni) respekte espesifikasyon teknik ki defini nan lisans eksplwatasyon yo, pou siyal yo pa depase zòn kouvèti ki defini nan kad regleman de peyi yo, konsa yo evite entèferans radyoelektrik nan teritwa vwazen an ; Evite moun k ap viv nan zòn fwontyè yo resevwa san yo pa vle siyal operatè rezo telefoni mobil lòt peyi a ap emèt ; Netralize oswa ede netralize rezo operatè ilegal ki lakòz gwo domaj, ni pou operatè otorize yo ni pou Leta, toutotan lwa teritoryal ki aplike a pèmèt sa ; Ankouraje difizyon mesaj amoni ak fratènite pou ranfòse lyen ant popilasyon ayisyen ak dominiken yo ; Ankouraje devlopman teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon nan tout zile a, elatriye. Pwotokòl dakò sa a montre yon bon kolaborasyon ant de ògàn regilasyon yo (CONATEL ak INDOTEL) posib nan yon pèspektiv devlopman sektè telekominikasyon an pou byen de peyi yo. « Jodi a, se siyati akò sa a, men fò n fè vit e mete men nan pat la pou rezoud pwoblèm sa a ki deranje bon mach sektè a », Direktè Jeneral CONATEL la konkli konsa !