Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Conatel blanchi par la CSCCA

Atravè medya yo, yo te difize pandan plizyè jou alegasyon ki te nan yon rapò Komisyon Travay Piblik, Transpò, Kominikasyon ak Enèji, ki di...

Twazyèm semèn me 2013 : atravè medya yo, yo te difize pandan plizyè jou alegasyon ki te nan yon rapò Komisyon Travay Piblik, Transpò, Kominikasyon ak Enèji, ki di yo te mete responsablite Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) an kòz sevèman konsènan itilizasyon redevans finansye ki te dedye a Pwogram Scolarisation Universelle Gratuite et Obligatoire (PSUGO). Se te kesyon sou rasyonalite jesyon senk santim yo ranmase sou apèl entènasyonal k ap antre Ayiti yo.

Byenke alegasyon san fondman sa yo te deranje l, Direksyon Jeneral CONATEL la te rapidman fè apèl a Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA), Enstitisyon ki konpetan nan kontwòl administratif, sèl tribinal administratif Repiblik la, pou yon odit finansye ak kontab sou :

    1. verifikasyon metikilez itilizasyon redevans finansye ki te pou PSUGO a,
    2. egzamen pwofon transfè bankè yo, anrejistreman yo, operasyon yo ak tout aktivite ki gen rapò ak yo
    3. evalyasyon konplè prensip kontab CONATEL aplike yo.

Dapre Lwa ayisyen yo, CONATEL te gen obligasyon bay CSCCA tout enfòmasyon ki nesesè pou travay la reyisi an tout endepandans.

Senk (5) kad nan Seksyon Apiman Kont CSCCA a te fè l ; odit Direksyon Jeneral CONATEL la te mande a te fini an jiyè ki sot pase a. Konklizyon rapò odit la, ki kouvri administrasyon CONATEL soti 23 out 2011 rive 31 me 2013, konvenkan anpil : "Dapre rezilta verifikasyon an, Komisyon ki te gen chaj odit finansye CONATEL sou jesyon Msye Jean Marie GUILLAUME konkli tranzaksyon yo te fè pou Pwogram Scolarisation Universelle Gratuite et Obligatoire (PSUGO), sa yo te fè pou pwojè tarifikasyon, taksasyon ak tout lòt frè ki gen rapò ak sèvis telekominikasyon, e anfen sa yo te fè sou kont bankè CONATEL yo pa revele okenn iregilarite ki ta ka angaje responsablite pèsonèl ak pekinyè Direktè Jeneral la kòm òdonatè depans Leta".

Apre yon lekti lisid Rapò a, Direksyon Jeneral CONATEL la ka sèlman reyafime, jan zetwal lajistis ak kèk editoryalis renmen di l : "Laverite gen tèt di". Bri sou pretandi malvèsasyon yo pa t kenbe devan analiz apwofondi fè yo. Se poutèt sa li bon pou n ajoute : CONATEL kontinye fè kèk Manm Komisyon Travay Piblik, Transpò, Kominikasyon ak Enèji konfyans, e kwè yo te twonpe yo de bòn fwa e se pa t okenn mechanste. Se moman tou pou CONATEL prezante pi gwo remèsiman li bay onorab Konseye Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif la.