Yon delegasyon Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te fè nan depatman Lwès, Sid, Sidès, Nip ak Grandans yon misyon obsèvasyon pou evalye pwojè SCOLARITECH la, yo te reyalize soti 2012 rive 2020, nan kad amenajman nimerik teritwa a ak sèvis inivèsèl la.

Msye Léon Jean Marie Guillaume, Direktè Jeneral CONATEL kounye a, te lanse l an 2011 ; gwo pwojè Scolaritech la te pèmèt bay plizyè dizèn lekòl piblik nan kapital la ak nan vil pwovens yo yon laboratwa enfòmatik ki gen omwen 20 a 25 òdinatè ak aksè entènèt ak lòt akseswa.
Misyon evalyasyon sa a konstate pèfòmans laboratwa sa yo ak kontribisyon yo nan apwofondisman penetrasyon teknolojik nan peyi a. Sepandan, antretyen ak renouvèlman ekipman laboratwa yo alè rete pou amelyore.
CONATEL gen entansyon kreye yon anviwònman ki favorab : (i) pou devlopman kapasite ak enfrastrikti, (ii) pou pwodiksyon kontni ak aplikasyon TIC, (iii) pou devlopman sèvis inivèsèl nan pèspektiv demokratizasyon aksè ak Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) nan lekòl yo.