
Mesaj Madanm Audrey Azoulay, Direktris jeneral UNESCO, nan okazyon Jounen mondyal radyo, 13 fevriye 2024.
Nan Jounen Mondyal sa a, n ap selebre istwa radyo a, men tou wòl santral li nan sosyete nou yo, jodi a tankou nan ane k ap vini yo.
Ane 2024 sa a make yon etap nan istwa medya sa a : ane sa a nou fete 100 an premye difizyon an dirèk nan radyo Jwèt Olenpik yo, lavèy nouvo edisyon yo nan Pari.
Etap sa a raple nou depi yo te kreye l nan fen 19yèm syèk la, radyo a toujou la avèk nou, li rasanble nou otou gwo moman ak emosyon nou pataje. E se konsa, depi plis pase yon syèk, li enfòme nou, li amize nou, men li edike nou tou, jan tèm ane sa a souliye l.
Konstatasyon sa a pi vre toujou jodi a : paske malgre pwa Entènèt ak rezo sosyal yo ki ap ogmante, radyo a kontinye yon sous enfòmasyon ak divètisman ki gen anpil enpòtans – yo estime kantite moun k ap koute radyo depase 4 milya.
Radyo se tou medya ki ale kote lòt yo pa ale : alòske prèske yon tyè popilasyon an pa t gen aksè ak yon Entènèt ki kòrèk an 2023, ak pwopòsyon ki rive jiska mwatye popilasyon yo nan zòn riral yo, radyo a enpoze l kòm yon medya ki pi enklizif e ki pi aksesib, sitou nan sitiyasyon kriz.
Pa egzanp, nan Afganistan, apre desizyon – UNESCO te kondane touswit e fèmman – pou prive fanm Afgan yo dwa fondamantal yo pou aprann e anseye, Òganizasyon nou an te mete an plas yon vrè pedagoji sou lond yo, sitou lè l sipòte Radio Begum. Radyo sa a, fanm afgan ap anime pou fanm afgan, ba yo sitou kou alfabetizasyon e li ba yo lapawòl.
Paske radyo a ka tou vwa moun ki pa gen vwa, lè l pèmèt tout moun ak tout kominote eksprime yo, fè divèsite kilti yo viv tou. Se poutèt sa UNESCO sipòte e ankouraje radyo kominotè yo toupatou nan mond lan.
Konsa nou wè, radyo a plis pase yon mwayen difizyon teknik : li pote yon sèten lide sou enfòmasyon, divèsite kiltirèl, edikasyon pou tout moun ; ann oze di l : radyo a ka e dwe yon medya imanis.
Nan 13 fevriye sa a, se pou nou salye yon lòt fwa ankò chemen radyo a fè, ak fòs lond li pou bati – pou « emèt » – posiblite yon pi bon mond.

