
Pou kòmanse nouvo ane fiskal la, Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize, lendi 2 oktòb 2023, yon seremoni...
Pou kòmanse nouvo ane fiskal la, Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize, lendi 2 oktòb 2023, yon seremoni relijye pou di Bondye mèsi pou akonpayman li pandan egzèsis ki sot pase a e mande nouvo gras pou ane k ap kòmanse a. Se Dr. Nicole Muller César, Direktris Inite Sipò Kominotè, Enfimri ak Omonri CONATEL, ki te fè mizanplas kontèks seremoni an. Apre sa, konseye spirityèl la, pastè Calvin DESTINVAL, te prezide Kilt sa a ak patisipasyon pastè Louis DESTINVAL, yo te envite pou entèsede pou mande pwoteksyon Bondye pou tout pèsonèl CONATEL la ak pou peyi a. Konseye Administratif Direktè Jeneral la, Msye Joseph Jean Baptiste MENTOR, te bay mesaj okazyon an, ki soti nan pawòl Sòm 127 : " Si se pa Seyè a ki veye lavil la, moun k ap veye a ap travay pou gremesi ". Se te okazyon tou pou Direktè Jeneral CONATEL la, Enj. Joses JEAN BAPTISTE, temwaye rekonesans li bay Bondye e kontinye konte sou Toupisan an pou pwoteksyon tout enstitisyon an. Lòt moun ki te sèvi nan seremoni an se Pastè Lucson LACROIX, Direktè Adjwen Inite Kominikasyon ak Relasyon Piblik CONATEL, ak Msye Stooby OBAS, manm Inite Sipò Kominotè, Enfimri ak Omonri CONATEL. Kad ak pèsonèl la te patisipe nan seremoni aksyon de gras sa a.
Se pou Bondye toujou veye sou enstitisyon sa a !

