
Sou inisyativ Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), yo te òganize yon atelye sou radyodifizyon mèkredi 15 jen nan otèl Marriott Pòtoprens. Nan aktivite sa a, aktè sektè a te reflechi sou wòl radyodifizyon nan devlopman sosyo-ekonomik peyi a.
Sou inisyativ Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), yo te òganize yon atelye sou radyodifizyon mèkredi 15 jen nan otèl Marriott Pòtoprens. Nan aktivite sa a, aktè sektè a te reflechi sou wòl radyodifizyon nan devlopman sosyo-ekonomik peyi a.
Se Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Msye Jacques Evelt Eveillard, ki te bay kout siflè travay sa yo. Dapre Minis la, ak plis pase desan estasyon radyo e plis pase yon santèn televizyon, radyodifizyon ta dwe yon vrè patnè devlopman sosyo-ekonomik nan peyi a. ‘’Radyo ak televizyon se zouti enpòtan an Ayiti pou sove lavi ak byen moun. San kanpay sansibilizasyon yo te pèmèt nou fè yo, efò pou konbat kolera ak Sida pa t ap gen yon siksè konsa”, li kontinye.
Nan atelye travay sa a, kote plis pase yon trantèn pwofesyonèl, patwon laprès ki reprezante diferan medya nan kapital la ak nan vil pwovens yo te patisipe, Direktè Jeneral CONATEL la, Jean Marie Altéma, fè remake gen yon dezakò ant mwayen kominikasyon ki disponib jodi a ak nivo devlopman popilasyon an moun ka wè. “Se nan sans sa a nou envite espesyalis ak aktè sektè a pou yo pwodui refleksyon ki ka bay yon dinamik devlopman sosyo-ekonomik”, Msye Altéma, ki te swiv Minis Éveillard nan pawòl li yo, sitiye.
Pandan aktivite sa a, yon panèl chwazi te trete twa tèm avèk metriz :
- Pwodiksyon ak divèsite pwogram yo, pa Vis-rektè Inivèsite Leta Ayiti, sosyològ ak pwofesè Hérold Toussaint, ak pa Direktè jeneral radyo Ibo, Msye Hérold Jean François.
- Modèl ekonomik medya yo ak enjeu endistri kiltirèl yo, pa Ekonomis Jacques Abraham ak Mèt Willems Édouard, konsiltan Direktè Jeneral la.
- Regilasyon ak devlopman radyodifizyon, pa Enjenyè Schiller Jean-Baptiste, Chèf Biwo Teknik Direksyon Jeneral la.
Apre prezantasyon sa yo, te gen travay an atelye sou chak tèm yo te site yo, sa ki te pèmèt diferan patisipan yo idantifye pwoblèm yo, pwopoze eleman solisyon e konprann nèt wòl chak aktè nan sektè a. Pandan y ap tann piblikasyon akt ak rapò atelye sa yo, yo poze baz yon apresyasyon kritik wòl medya yo nan devlopman sosyo-ekonomik tout sektè peyi a dwe kontribye ladan l.

