
Gwoup Travay sou SibèSekirite ak Sibèkriminalite (GTCSC) te òganize, jedi 5 me, nan Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an, yon atelye travay.
Reprezantan sektè bankè a, operatè telefoni selilè yo, Founisè Aksè Entènèt (FAI) yo, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik ak lòt enstitisyon Leta, tankou plizyè antite Inivèsite Leta Ayiti (UEH), prezidan komisyon pèmanan ki responsab telekominikasyon, enfòmasyon ak kominikasyon nan de chanm Palman ayisyen an, Senatè Hervé Fourcand ak Depite Jean Robert Bossé, te patisipe, jedi 5 me, nan sal konferans Conatel la, nan atelye prezantasyon tèks ki dwe mennen nan yon pwojè lwa sou sibèsekirite, sibèkriminalite, entèsepsyon kominikasyon, tranzaksyon ak prèv elektwonik.
Jounen travay sa a vini apre diferan aktivite ki deja fèt nan domèn sibèsekirite, sitou sa ki te fèt 4 ak 5 jen 2013, 15, 16 ak 17 avril 2013 ak 30 ak 31 oktòb 2012.
Chèf sèvis Inite Jiridik Conatel la, Jiris Parel Justilien, manm GTCSC, ak Mèt Giovanna Ménard te reprezante Ayiti nan gwoup HIPCAR ki te fè premye travay yo.
GTCSC, apre prezantasyon tèks sa yo, dwe kontinye travay elaborasyon kad jiridik nan domèn sibèsekirite ak sibèkriminalite pou l soumèt li bay Direksyon jeneral Conatel, ki pral voye l bay Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), ki li menm pral fè ekspoze motif yo devan Palman an. Palman an dwe travay sou li vre e adopte l pou bay peyi a zouti legal sou kesyon sibèsekirite, sibèkriminalite, entèsepsyon kominikasyon, tranzaksyon ak prèv elektwonik.
Patisipan ki te la yo te reyaji anpil sou tèks yo te prezante yo lè yo ekspoze, atravè kesyon yo, remak yo ak fè yo te viv, enkyetid yo sou nesesite pou regle sektè a.
Ann raple yo te kreye GTSCS pa delegasyon MTPTC e pa yon sikilè entèn Conatel 22 jiyè 2015. Gwoup travay sa a gen misyon pou travay sou aplikasyon yon estrateji nasyonal sibèsekirite.
Apre atelye sa a, Direktè jeneral Conatel la, Jean Marie Altéma, bay gwoup travay la enstriksyon touswit pou idantifye resous ki nesesè ki ka ede fini travay yo.

