
17 Me 2020 sa a ramene selebrasyon Jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete Enfòmasyon. Tèm Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) chwazi a : ‘‘Connect 2030 : TIC yo nan sèvis Objektif devlopman dirab (ODD) yo’’.
17 Me 2020 sa a ramene selebrasyon Jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete Enfòmasyon. Tèm Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) chwazi a : ‘‘Connect 2030 : TIC yo nan sèvis Objektif devlopman dirab (ODD) yo’’.
Ki devlopman dirab ki pa ta gen sante ak byennèt kòm motè ak objektif final li an menm tan ? COVID-19 la vin raple nou yon fason di limanite bezwen kreye zouti ki ka garanti sante ak byennèt pou devlopman dirab la ka plis pase yon senp swè.
Se yon reyalite nou pa ka nye : TIC yo ede fasilite jesyon kriz mondyal sa a ni nan sansibilizasyon popilasyon yo ni nan swen moun ki enfekte yo. Gras ak posiblite pou yo sou entènèt, anpil aktivite endistriyèl, administratif ak akademik te ka kontinye e yo kontinye sèvi popilasyon mondyal la. Jodi a, atravè mond lan, aplikasyon TIC yo pèmèt moun ki nan konfinman kontinye jwenn aksè ak sèvis debaz oswa tou senpleman kominike. Zouti komès elektwonik (e-commerce), sibèsante, tele-edikasyon, mobile money yo vin gen yon enpòtans kritik pou tout sektè yo.
Kidonk, li pwouve TIC yo jwenn plas yo menm nan tan kriz. Tout benefis dirèk ak endirèk teknoloji sa yo dwe pouse nou eksplwate potansyèl yo pou fè yo tounen yon vrè levye devlopman dirab. Ayiti an jeneral dwe apwopriye TIC yo yon fason entelijan.
CONATEL reyafime volonte l pou fè tout sa l kapab pou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo ka ede atenn objektif devlopman dirab (ODD) yo. Li poko twò ta pou tout aktè sektè a jwe wòl pa yo pou kreye sinèji ki nesesè pou konkretize sa ki dwe anvan tout bagay yon objektif komen, pi gwo kantite moun pataje.

