
Jedi 13 fevriye 2020 sa a ramene 9yèm edisyon Jounen Mondyal Radyo a sou tèm divèsite. Komemorasyon sa a raple nou enfòmasyon se matyè premyè tout aktivite sosyal ak ekonomik.
Jedi 13 fevriye 2020 sa a ramene 9yèm edisyon Jounen Mondyal Radyo a sou tèm divèsite. Komemorasyon sa a raple nou enfòmasyon se matyè premyè tout aktivite sosyal ak ekonomik. Kidonk, gen yon lyen ant dwa a enfòmasyon ak devlopman sosyo-ekonomik, bòn gouvènans, kowezyon sosyal ki garanti lapè, sekirite piblik ak amelyorasyon jan nou viv ansanm.
Leta dwe garanti, avèk devlopman radyodifizyon an, mizanplas kanal kominikasyon ki serye nan e pou ekspresyon total divèsite a, ki konsidere tout opinyon, tout tradisyon oswa fason moun viv.
Aksyon kowòdone pou yon peyizaj odyovizyèl ki pi pwodiktif e ki ka kanpe sou plan ekonomik nesesè. Fè tout aktè nan chèn nan respekte kad jiridik ak regleman an rete youn nan pi gwo enjeu radyodifizyon an Ayiti. Aplikasyon dispozisyon legal yo ak modènizasyon odyovizyèl ayisyen an se travay priyorite Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL).
Se pou tèm divèsite UNESCO, ki te mete jounen sa a sou pye, chwazi a, tounen yon okazyon pou yon refleksyon pwofon sou wòl nou nan pwomosyon diferans, akseptasyon lòt moun, dyalòg entelijan, rejè tout vyolans ak tout fo enfòmasyon, nan yon mo, sou lapè sosyal.
Pandan l ap pwofite okazyon 9yèm edisyon Jounen Mondyal Radyo sa a, CONATEL swete gwo fanmi radyodifizyon an Ayiti yon bòn fèt.

