Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
JOURNEE INTERNATIONALE DES JEUNES FILLES / TIC

CONATEL te selebre Jounen Entènasyonal Tifi nan Sektè TIC yo ak gwo fanfa e li te fè jwèz Seleksyon Ayisyèn foutbòl fanm U-20 yo kontan.

CONATEL te selebre Jounen Entènasyonal Tifi nan Sektè TIC yo ak gwo fanfa e li te fè jwèz Seleksyon Ayisyèn foutbòl fanm U-20 yo kontan.

Pou make ane sa a Jounen Entènasyonal Tifi nan sektè TIC yo, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te reyalize yon seri aktivite nan plizyè vil nan peyi a 26 avril 2018 sa a sou tèm : « JÈN FI ANN SÈVI AK TEKNOLOJI POU ALE PI LWEN ». Pami diferan aktivite sa yo, nou ka site : koze-deba, chou teknolojik ak reyalite vityèl, nan plizyè sit nan peyi a, sitou : nan Lise Nord Alexis Jeremi, Meri Jakmèl 23 avril, Troquet Restaurant Sen Mak 24, 25 avril, Ranch Kwadebouke/MJSAC 26 avril pou plizyè santèn elèv nan diferan lekòl nan kote nou site yo, e tou nan Pòtoprens inogirasyon yon laboratwa enfòmatik pou elèv Lise Sansenkantnè, yo konn rele Lise Jèn Fi, ak Seremoni Omaj pou jwèz Seleksyon Nasyonal Fanm Foutbòl U-20 ki fèk kalifye pou Koup di Mond/Pari 2018 la. Tout aktivite sa yo vize ankouraje tifi yo kontinye etid yo e fè karyè nan syans, teknoloji, jeni ak matematik.

« Jounen sa a te yon okazyon pou ankouraje tifi yo pou yo konsidere yon karyè nan sektè TIC yo, k ap grandi anpil, e konsa pèmèt tifi yo kou antrepriz teknolojik yo benefisye avantaj yon pi gwo patisipasyon fanm nan sektè TIC yo ». Apre li te fin selebre jounen mondyal sa a ak gwo fanfa, ak yon seri aktivite nan kat vil diferan nan peyi a, se ak pawòl sa yo Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), enjenyè Jean David RODNEY, te kòmanse diskou li pou okazyon an, 26 avril 2018 sa a, nan okazyon inogirasyon yon laboratwa enfòmatik nan Lise Jèn Fi pou elèv lekòl sa a ki gen 74 an egzistans. Tout Eta manm enstitisyon espesyalize Nasyonzini pou teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (UIT) selebre Jounen entènasyonal tifi nan sektè TIC sa a chak ane, katriyèm jedi mwa avril. Nan menm elan an, CONATEL, ki ap patisipe plis chak jou nan sosyal ak pwomosyon peyi a, te fè tifi / jwèz Seleksyon Fanm Foutbòl Ayisyen U-20 yo kontan, yo menm ki fèk reyalize eksplwa kalifye pou yon faz final Koup di Mond Foutbòl Lafrans 2018. Enstitisyon regilasyon an pwofite okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Tifi nan Sektè TIC yo pou onore grenadyè sa yo pou gwo efò yo lè l òganize nan lokal li, #4 avni Christophe, seremoni sa a devan Prezidan Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF), Dr. Yves Jean Bart, Antrenè Seleksyon Nasyonal yo, Msye Marc Colas, ak plizyè dizèn elèv ki soti nan diferan lekòl nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.

CONATEL te òganize seremoni omaj sa a pou Grenadyè seleksyon mwens pase 20 an yo pou montre yo enpòtans TIC yo nan foutbòl. Chak grenn te resevwa yon LAPTOP ak yon sètifika nan men Direktè Jeneral Enstitisyon k ap regle Sektè Telekominikasyon ak Teknoloji yo.

« Nou te mete aksan sou demann ensistan minis titèl nou an ak Premye minis la pou komemorasyon jounen entènasyonal tifi nan sektè TIC sa a konsidere efò jwèz seleksyon mwens pase 20 an yo », li deklare.