Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

21 Me 2023 se Jounen Karayibeyen Avèg yo. Tèm yo chwazi ane sa a : « Nouvo teknoloji yo nan sèvis edikasyon enklizif »

21 Me 2023 se Jounen Karayibeyen Avèg yo. Tèm yo chwazi ane sa a : « Nouvo teknoloji yo nan sèvis edikasyon enklizif »

Sou envitasyon Biwo Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape (BSEIPH), Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an, Enj. Joses JEAN BAPTISTE, prezante sijè sa a : « Nouvo Teknoloji yo ak edikasyon ki adapte pou timoun andikape »

Direktè jeneral CONATEL la montre kijan zouti teknolojik yo : Smart phone, òdinatè, tablèt nimerik, ka pèmèt moun ki gen andikap nan zòrèy oswa nan je jwenn aksè ak konesans.

Deplwaman enfrastrikti telekom sou tout teritwa a se yon pasaj obligatwa. Se youn nan priyorite CONATEL

Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape, Msye Génard JOSEPH, pou pati pa l, plede an favè sant edikasyon enklizif pou tout timoun ki fèt ak yon andikap nan je oswa nan zòrèy ka al lekòl toupatou nan peyi a.

Direktè jeneral CONATEL la pwomèt èd ògàn regilasyon an pou BSEIPH ka jwenn tarif preferansyèl pou piblisite nan radyo ak nan televizyon. Li pwomèt tou akonpayman CONATEL pou BSEIPH ka konekte ak entènèt.