
Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) prezante konpliman li bay tout manm Laprès e li envite yo pou yo kouvri Komemorasyon Jounen Entènasyonal Fanm sou tèm...
ENVITASYON POU LAPRÈS | Jounen Entènasyonal Fanm
Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) prezante konpliman li bay tout manm Laprès e li envite yo pou yo kouvri Komemorasyon Jounen Entènasyonal Fanm sou tèm : « Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) ak Antreprenarya fanm (Fòmalizasyon byen enfòmèl) », Jedi 8 mas 2018 apati 9è30 dimaten nan Otèl Le Plaza, Channmas.
Evènman sa a antre nan kad lansman yon pwojè estriktiran ki vize otonomizasyon fanm nan sektè Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC).
CONATEL pral pwofite okazyon an pou òganize yon seminè fòmasyon sou tèm « Enpòtans ak itilizasyon TIC yo nan antreprenarya » ki pral bay kèk asosyasyon fanm ki angaje nan antreprenarya atravè TIC yo okazyon pou yo inisye nan E-biznis ak kreyasyon kontni nimerik.
Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) konte sou prezans laprès nan yon evènman konsa e li pwofite okazyon sa a pou renouvle asirans konsiderasyon distenge li.
Inite Kominikasyon / CONATEL

