Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Ing Huguens PREVILON  succède  a l'Ing Jean BAPTISTE à la tête de la Direction Générale du CONATEL.

Devan anpil pèsonalite Leta, ansyen direktè jeneral ak anplwaye CONATEL, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Enj. Raphaël HOSTY, te enstale, jedi 20 fevriye 2025, 22yèm Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL.

Enj. Huguens PREVILON ranplase Enj. Joses JEAN BAPTISTE nan tèt Direksyon Jeneral CONATEL.

Devan anpil pèsonalite Leta, ansyen direktè jeneral ak anplwaye CONATEL, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Enj. Raphaël HOSTY, te enstale, jedi 20 fevriye 2025, 22yèm Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL.

Nouvo Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), enjenyè Huguens PREVILON, te pran fonksyon l ofisyèlman jedi 20 fevriye 2025 nan lokal Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), pou ranplase enjenyè Joses Jean Baptiste ki te dirije enstitisyon an pandan dezan, soti fevriye 2023 rive fevriye 2025. Nan diskou li pou okazyon enstalasyon an, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), Enj. Raphaël HOSTY, salye nominasyon Enj. Huguens PREVILON kòm nouvo Direktè Jeneral CONATEL e li souliye bèl chemen akademik ak pwofesyonèl li. Enj. HOSTY ensiste sou nesesite pou modènize sektè telekominikasyon an, ki reprezante ant 25 % ak 27 % asyèt fiskal peyi a. Dapre li, defi yo anpil : elajisman kouvèti Entènèt sou tout teritwa a, migrasyon televizyon analojik la nan nimerik ak amelyorasyon kontinyèl kalite sèvis yo se pami priyorite ijan yo. Nouvo Direktè Jeneral CONATEL la, Enj. PREVILON, se yon moun ki konnen òganis lan byen. Li te antre ladan l an 2011 kòm estajyè ; disiplin li, lidèchip li ak sans responsablite l pèmèt li monte tout eskalye yo pou l vin Direktè Jeneral li kounye a. Avèk yon pratik regilasyon nan tout aspè li, ak yon chemen akademik kou pwofesyonèl egzanplè, li ekipe nèt pou leve defi sektè a ap fè fas. Nan pawòl li pou okazyon an, li afime angajman ak detèminasyon l pou travay pou yon aksè enklizif e ekitab ak sèvis telekominikasyon pandan l ap garanti yon kalite sèvis estanda, yon konkirans ki ekilibre ak modènizasyon peyizaj odyovizyèl ayisyen an. Li ensiste sitou sou mizanplas yon Fon Sèvis Inivèsèl pou redwi fraktir nimerik la e favorize enklizyon nimerik. Nan kontèks tranzisyon ak inovasyon sa a, nouvo Direktè Jeneral la lanse yon apèl pou yon koperasyon sere ant tout aktè telekominikasyon yo ak CONATEL. Reyisit transfòmasyon nou tèlman vle a chita sou angajman ak kolaborasyon chak moun pou leve, ansanm, defi teknolojik ak ekonomik yo, e konsa maksimize benefis pozitif yo pou sitwayen ayisyen yo.