
Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire mèkredi 02 fevriye 2022 yon laboratwa enfòmatik nan Lise Benoit Bratraville, ki fonde depi 1991 nan lokalite Laboul 13, Komin Petyonvil, nan kad pwogram SCOLARITECH li.
Laboratwa enfòmatik sa a gen yon douzèn òdinatè ki mete an rezo e ki konekte ak Entènèt. Laboratwa a ekipe tou ak yon sistèm enèji solè. Youn nan elèv lise a, Bonny Wesly, prezidan komite santral lise a, salye inisyativ CONATEL pou l bay lise sa a zouti nimerik sa a ki tèlman nesesè pou aprantisaj elèv ki benefisye l yo. Mizadispozisyon laboratwa enfòmatik sa a antre nan kad Sèvis Inivèsèl la, prensip ak dinamik CONATEL ap fè efò pou l etabli nan domèn Telekominikasyon. Pou pati pa l, direktè lise a, Msye Roosevelt Gilles, salye aksyon Direksyon Jeneral CONATEL la. Laboratwa sa a se te yon rèv pou tout pèsonèl ansèyan an, li konkli.
Pwogram « SCOLARITECH » CONATEL te lanse 11 septanm 2013 vize bay kèk lekòl ak lise nan peyi a yon laboratwa enfòmatik ak aksè Entènèt. Objektif pwogram sa a se fè jèn elèv ak lyseyen peyi a antre nan mond TIC yo. Delegasyon CONATEL la, ki te dirije pa Msye Huguens PREVILON, Direktè Direksyon Sèvis Inivèsèl (DSU), envite itilizatè yo kenbe òdinatè yo an bon eta.

